Prezidan Afganistan an, Ashraf Ghani, rann omaj pou Lèzetazini ak alye l yo --avèk kèk mo espesyal pou manm lame peyi sa yo-- poutèt apui yo pote bay koz libète nan Afganistan.
Misye Ghani, ki pran lapawòl devan tou lè 2 chanm kongrè Lèzetazini an reyini mèkredi 25 mas 2015 la, fè konnen -nap site:
"Pèp afgan an rekonèt bravou sòlda ameriken yo ak tout gwo sakrifis sitwayen Lèzetazini yo fè pou yo ede Afganistan konsève libçte li. Nou genyen yon gwo dèt rekonesans pou sòlda ki pèdi yon janm oubyen yon bra nan eksplozyon bonm ki te plante anba tè; nou gen rekonesans pou brav veteran lame amerikèn nan e pou fanmi sa yo ki pèdi moun yo renmen anba atak teworis yon lennmi lach."
Vizit Misye Ghani Ozetazini an plis mesaj li prezante devan kongrè ameriken an (yon onè Lèzetazini rezève pou tout lidè etranje kap vizite Washington) fè pati efò kap fèt pou repare eta relasyon ant Washington ak Khaboul ki te vin sibi tansyon akoz yon lagè kap dewoule depi 14 zan deja nan Afganistan.
Nan jounen madi a, lidè afgan an Obama te rankonte ak Prezidan Barack Obama anvan yo te bay yon konferans pou laprès. Misye Ghani te di --nap site ankò:
"Genyen anpil travay ki rete pou fèt anvan pou peyi m nan genyen yon sekirite total devan atak militan rebèl yo."
Bò kote pa l, Prezidan Obama fè konnen, nan okazyon rankont madi a, efektif militè ameriken ki nan Afganistan an e ki monte rive 9 mil 800 zòm, pap pral sibi rediksyon ki te dwe fè l desann nan mwatye kantite sa a (jan administrasyonn nan te prevwa sa a); men pito tout efektif sa a pral rete nan peyi a pou jous fen ane 2015 la omwen.