Ann Ayiti, daprè KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a), sòti 16 pou rive 20 mas 2015 la, 192 pati ak regwoupman politik enskri pou yo patisipe nan pwochen elekeyson yo k ap kòmanse nan dat 9 out pwochen an. Nan yon nòt pou laprès konsèy la fè parèt, li fè konnen li pral pibliye anvan lontan lis pati ak regroupman politik ki satisfè kondisyon pou yo patisipe nan pwosesis elektoral la selon atik 102 dekrè elektoral la.
Nan pwochen etap la, dapre kalandriye elektoral la, kandida k ap patisipe nan eleksyon lejislatif yo gen pou fè depo kandidati yo nan Biwo Elektoral Depatmantal yo (BED) ant 6 ak 19 avril 2015. 22-24 Avril 2015, se peryòd kote KEP a pral resevwa kontestasyon kandidati yo epi enstitisyon an pral afiche lis definitif kandida yo nan lokal BED yo a pati premye me 2015.
Yon lòt kote, prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, vizite plizyè pwojè touristik gouvènman an ap reyalize nan sid peyi a. Misye Martelly vizite pwojè enfrastrikti otelyè nan Lil-a-Vach ak konstriksyon yon ayeropò entènasyonal nan vil Okay.
Pòt Pawòl anbasad amerikèn nan ann Ayiti, Carl Adams, vizite plizyè medya nan Pò-de-Pè, Depatman Nòdwès peyi a, nan moman Conseil National Telecommunication (CONATEL) ap sere boulon estasyon radyo k ap fonksyone ilegalman nan depatman sa a.
Anfen, responsab yon òganizasyon nan Mirebalais atire atansyon otorite yo sou dlo ki kòmanse diminye nan peyi a akoz pye bwa moun ap koupe san kontwòl nan plizyè rejyon. Responsab la pale konsa nan okazyon Jounen Entènasyonal Dlo Potab la.