Accessibility links

Breaking News

Gwoup Eta Islamik la Kidnape 90 Moun nan Siri

Militan Eta Islamik la kidnape plizyè dizèn Kretyen Asiryen --pami yo genyen fanm ak timoun piti-- aprè yo fin okipe plizyè vilaj nan pati nòdès Siri, daprè sa 2 gwoup defansè dwamoun di madi 24 fevriye 2015 la.

Nouvèl ki sòti nan pati nò peyi Siri fè konnen militan Gwoup Eta Islamik la kidnape 90 moun nan yon vilaj kote kretyen asiryen abite. Daprè Obsèvatwa Dwamoun Siryen an (ki baze nan peyi Langletè e kap swiv rapò sou zak vyolans nan Siri), militan yo mete men sou moun yo aprè yo te sezi plizyè vilaj nan pwovens Hassakeh -pami yo genyen yon vilaj ki rele Tal Shamiram.

Gwoup Eta Islamik la komèt kidnaping sa yo aprè lese-frape te dewoule nan rejyon an nan jounen lendi 23 fevriye 2015 la ant konbatan kird yo ak militan yo. Yon jou anvan sa, Kird yo te lanse yon operasyon nan kèk zòn ki tou prè fwontyè Siri ak Tuki a avèk apui kowalisyon Lèzetazini ap dirije a -operasyon kote aviyasyon militè kowalisyon an te lanse divès atak sou pozisyon militan yo.

XS
SM
MD
LG