Accessibility links

Breaking News

Ikrèn / Kriz Politik - Apèl pou Entèvansyon Yon Misyon Mentyen Lapè l'ONU


Prezidan Petro Poroshenko ki tap pale nan yon reyinyon dijans Konsèy Defans ak Sekirite Nasyonal Ikrèn nan, nan Kyèv, mèkredi 18 fevriye 2015 la.
Prezidan Petro Poroshenko ki tap pale nan yon reyinyon dijans Konsèy Defans ak Sekirite Nasyonal Ikrèn nan, nan Kyèv, mèkredi 18 fevriye 2015 la.

Nan Ikrèn, Prezidan Petro Poroshenko mande entèvansyon yon misyon lapè entènasyonal nan moman gouvènman an ak militan pwo-Larisi yo pa ka antann yo sou aplikasyon yon selselfe Inyon Ewòp la te ede 2 pati yo jwenn nan mitan semèn pase a.

Misye Poroshenko deja pase lòd pou plizyè milye sòlda pati kite vil estratejik Debaltseve ki nan pati lès peyi a e ki tonbe anba men militan rebèl yo. Konsèy Defans ak Sekirite Nasyonal Ikrèn nan fè konnen :

"Gouvènman an ta dwe mande Oganizasyon Nasyon Zini voye nan peyi a yon misyon mentyen lapè, ki ta aji nan kad manda Konsèy Sekurite lONU an."

Se yon sitasyon ki sòti nan yon deklarasyon biwo prezidans la nan Kyèv pibliye byen ta nan jounen mèkredi 18 fevriye 2015 la. Gouvènman an fè anons sa a kèk èdtan sèlman aprè plizyè milye sòlda ikrenyen te prese kite Debaltseve, yon vil ki gen ladan n yon chemendfè ki lye 2 bastyon militan separatis yo, an palan de vil Luhansk ak Donyèsk. Gwoup militan yo ak gouvènman Larisi a pa pèdi tan pou yo rejte, jedi 19 fevriye a, apèl Prezidan Petro Poroshenko lanse bay l'ONU an.

XS
SM
MD
LG