Accessibility links

Breaking News

Rankont Sekretè Deta John Kerry avèk Prezidan Ikrèn nan, Petro Poroshenko


Prezidan ikrenyen an, Petro Poroshenko (adwat) ak Sekretè Deta John Kerry pandan yo tap bay yon konferans pou laprès nan Kyèv. (Foto: 5 fevriye 2015).
Prezidan ikrenyen an, Petro Poroshenko (adwat) ak Sekretè Deta John Kerry pandan yo tap bay yon konferans pou laprès nan Kyèv. (Foto: 5 fevriye 2015).

Chèf diplomasi Lèzetazini an, John Kerry, twouve li nan kapital peyi Ikrèn nan, Kyèv, kote lap rankontre ak Prezidan Petro Poroshenko, tandiske nouvèl yo fè konnen prezidan fransè a, François Hollande, ak chanselye Almay la, Angela Merkel, sou wout tou pou Kyèv avèk yon nouvo plan lapè. Anvan misye Kerry te dabake nan Ikrèn, yon otorite wo-plase nan Depatman Deta a te anonse Lèzetazini pral ajoute 16 milyon 400 mil dola sou asistans lap bay gouvènman ikrenyen an pou ede sivil kap sibi move konsekans batay kap dewoule ant lame peyi a avèk rebèl pwo-Larisi yo nan pati lès Ikrèn.

Jiskaprezan se asistans ki pa gen zam ladan n Washington bay lame ikrenyèn nan, menmsi Prezidan Poroshenko fèk lanse apèl bay peyi oksidantal yo pou yo ba li èd militè pou gouvènman n nan lite kont rebèl yo. Sepandan, sa pa gen lontan, otorite ameriken yo te fè konnen yo dispoze pran apèl lidè ikrenyen an an konsiderasyon si sa kapab ede mete fen pi rapidman nan konfli a. Pèsonalite Prezidan Obama chwazi pou okipe plas Minis Defans Lèzetazini an, Ashton Carter -ki tap fè depozisyon n devan yon komisyon Kongrè a nan jounen mèkredi a-- deklare li apiye lide pou Washington mete zam a la dispozisyon Ikrèn. Misye Carter di:

« Mwen kwè nou fèt pou n ede Ikrenyen yo defann tèt yo. Mwen pa kapab di pou le moman ki kalte zam nou ta dwe ba yo, paske mwen poko abòde dosye a avèk kòmandan militè nou yo, ni ak kòmandan militè Ikrèn yo. Men, mwen an favè lide pou n fè yo jwenn tout kalite zam. »

Sepandan, pi ta nan menm seyans ki dewoule nan Kongrè a, Misye Carter te gen pou l di presyon ekonomik e politik kap peze sou do Moskou yo, ta dwe reprezante prensipal eleman nan efò peyi oksidantal yo ap deplwaye pou yo fòse Moskou sispann ede rebèl yo.

Toujou sou dosye ikrenyen an, pandan Pap Franswa tap pale ak yon gwoup fidèl mèkredi a nan Vatikan an, li lanse apèl pou l mande yon entèvansyon entènasyonal ki pi solid pou ede lanse yon dyalòg ki ta ka mete fen nan konfli a ki la depi 9 mwa deja. Souvren Pontif la di, « sèt-afè de kretyen kap goumen ak kretyen an, se yon veritab eskandal. » Pap la ajoute :

"Lè m tande mo « viktwa » ou byen mo « defèt » , sa ban m yon gwo lapenn; sa lage yon gwo tristès nan kè m. Se pa mo pou moun ta anplwaye. Sèl mo ki ta dwe sòti nan bouch nou, se "lapè". Se sèl mo ki fè sans."

Dènye batay ki dewoule nan vil Debaltse --ki anba kontwòl lame ikrenyèn nan-- te pran dimansyon yon veritab lagè total, aprè negosyasyon lapè ki te sipoze mete fen nan konfli a te echwe semèn pase a.

XS
SM
MD
LG