Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, ap vizite vil Pari, kapital peyi Lafrans, kote li depoze yon jèb flè nan 2 anplasman kote militan islamik te lanse yon atak mòtèl semèn pase a. Pi gwo diplomat ameriken an ap fè vizit sa a pou l montre solidatite Lèzetazini ak Lafrans aprè trajedi ki te kòmanse mèkredi 7 janvye pase a e ki te koze lanmò 17 moun.
Pou kòmanse, misye Kerry ak minis afè etranjè fransè a, Laurent Fabius, parèt ansanm nan yon supermaché nan pati lès vil Pari, kote 4 moun te mouri nan yon priz-dotaj sa gen 8 jou. Aprè sa, 2 ofisyèl yo vizite lokal jounal satirik Charlie Hebdo kote 12 moun te pèdi lavi yo nan jounen mèkredi 7 janvye a. La tou, menm jan ak nan supermaché a, moun te ka wè yon bann jèb flè, kouwòm ak yon pil lòt objè-souvni ki monte men wòtè e ki rann viktim yo omaj, an fas yon kòdon polisye ki te la pou asire sekirite a.
Aprè 2 vizit sa yo, Misye Kerry patisipe nan yon seremoni ki dewoule nan lokal mèri Pari a, a kote majistra vil la, Anne Hidalgo. Chèf diplomasi amerikèn nan pran lapawòl an angle e an fransè pou l di atak ki te fèt an Frans semèn pase a se –nap site «Yon atak moun lach e mèprizab, Ameriken yo reyaji ak kondanasyon. Rezilta atak sa yo se ranfòse plis toujou detèminasyon Lèzetazini ak Lafrans pou yo defann libète, laverite ak lanmou, epi kondane lahèn. »
--------------------------------------------------------
Ann Ewòp toujou e toujou sou dosye teworis la :
A.- Nan peyi La Bèljik, otorite yo ogmante alèt kont zak teworis la pou mete l nan nivo maksimòm nan. Gouvènman bèlj la pran desizyon sa a aprè lapolis te anonse yo rive dejwe sa yo rele « yon atak teworis iminan », sètadi ki te prèt pou reyalize. Yo dejwe li ak yon desant-dé-lye kote yo touye 2 nèg ki te ame jous nan dan epi yo arete yon lòt.
B.- Ann Almay, lapolis fè konnen yo poze arestasyon 2 nèg nan vil Bèlen, kapital la, sou akizasyon deske yo tap rekrite moun pou y al batay bò kote militan Gwoup Eta Islamik la nan peyi Siri ak Irak. Otorite yo di yo arete 2 mesye yo vandredi 16 janvye 2015 la aprè yon seri desant-dé-lye ki te gen patisipasyon plis pase 200 ajan-d-polis nan 11 batiman nan kapital Almay la.