Nan peyi Lagrès, palman an vote lendi 29 desanm 2014 la pou yon 3è e dènye fwa pou chwazi yon nouvo prezidan; sepandan vòt la wchwe. Echèk sa a vle di eleksyon antisipe pral dewoule ak posiblite pou yon pati zèl goch monte sou pouvwa a. Se konsa tou, peyi a kouri risk pou l pèdi chans pou l wè Inyon Ewòp la kontinye dekese yon prè-lajan ki anpeche Lagrès tonbe nan yon fayit ekonomik.
Dènye sondaj dopinyon yo montre kowalisyon ki sou pouvwa a e ki apiye Premye Minis Antonio Samaras, ap trennen byen lwen dèyè pati zèl goch Syriza, yon pati ki deja anonse, si li ranpòte eleksyon antisipe yo, li pral re-negosye tèm akò Lagrès siyen ak Inyon Ewòp la. Yon rezidans vil Atèn, Dimitris Georgakopulos, ki te bay opinyon li sou dosye a nan kòmansman jounen lendi a, tounen yon divinò, paske li te prevwa vòt la pa tap debouche sou eleksyon yon prezidan:
« Mwen pa kwè palman an pral vote yon prezidan jodi a. Men nan demokrasi pa janm gen enpas tout bon vre. Alòs, nou prale nan eleksyon e se pèp la ki va deside kisa k pou fèt. »
Prè-lajan Inyon Ewòp la bay Lagrès la mache ak kondisyon ki egzije yon seri refòm ministè finans peyi a kòmanse mete an aplikasyon. Sepandan, sa genyen move konsekans seryezman sou lavi sitwayen grèk yo nan yon moman kote to-chomaj la monte men wòtè epi Leta oblije koupe sou salè anplwaye piblik yo ak benefis tankou pansyon ak asirans.