Accessibility links

Breaking News

Etazini/Politik : Vòt yon Lejislasyon kont Desizyon Prezidan Obama Sou Imigrasyon.


John Boehner, Prezidan Chanm Bas la: « Lè nou fin kore fòs nou nan Sena a, nou va gen plis mwayen pou n pran plis aksyon pou n konbat desizyon Prezidan an pran pou kont li yo… »
John Boehner, Prezidan Chanm Bas la: « Lè nou fin kore fòs nou nan Sena a, nou va gen plis mwayen pou n pran plis aksyon pou n konbat desizyon Prezidan an pran pou kont li yo… »

Chanm dè Reprezantan Kongrè ameriken an vote, nan jounen jedi 4 desanm 2014 la, yon pwopozisyon-lwa ki kapab anile desizyon Prezidan Barack Obama te pran, nan fen mwa novanm pase a, pou l nòmalize sitiyasyon plis pase 4 milyon imigran kap viv ilegalman nan peyi a. Prezidan chanm nan, Depite John Boehner, fè konnen batay lidè repibliken yo ap mennen pou yo ranvèse arete prezidansyèl La Mezon Blanch te fè parèt sou kesyon an, se yon batay ki pral entansifye lè nouvo kongrè a va antre an fonksyon nan mwa janvye 2015 la. Misye Boehner deklare:

« Semèn pwochèn nan, Chanm nan pral travay pou l pèmèt gouvènman rete ouvè. Konsa, lè nou va fin kore fòs nou nan Sena a, nou va gen plis mwayen pou n pran plis aksyon pou n konbat desizyon Prezidan an pran pou kont li yo… »

La Mezon Blanch pa sispann di desizyon Prezidan Obama pran yo chita sou legalite, epi li pral poze veto l sou pwopozisyon-lwa Lachanm vote a lè dokiman an va rive sou biwo li. Demokrat yo atire atansyon sou le fèt ke divès lòt prezidan ameriken –tankou Ronald Reagan ak George H. W. Bush-- te pran arete prezidansyèl sou dosye imigrasyon an san yo pat vyole konstitisyon an pou sa.

XS
SM
MD
LG