Dapre yon etid ki fèt sou kèk ansyen dokiman sekrè otorite ameriken yo te jwenn nan operasyon ki te touye lidè rezo teworis al-Kada a, Bin Laden, nan peyi Pakistan sa gen yon lane, lidè al-Kayda a te fache pou jan dirijan rejyonal rezo a tap konpòte yo, menm jan Ii pat kontan deske li te manke kontwòl sou mesye sa yo.
Etid sa a montre fristrasyon defen Bin Laden se pi bèl e pi gwo enfòmasyon moun ka tire nan 17 paj dokiman sa yo ki te sekrè, men kounye a otorite yo mete a la dispozisyon piblik la.
Dokiman sa yo parèt sou fòm lèt. Se Akademi Militè Lèzetazini an (pi presizeman Sant Konba Anti-teworis la ki baze nan West Point) ki mete yo deyò jedim 3 me 2012 la, avèk analiz e kòmantè.
Youn nan otè analiz ak kòmantè sa yo, se Nelly Lahoud. Manmzèl di imaj Bin Laden pwojte nan dokiman yo, se imaj yon moun ki desi devan fason nouvèl jenerasyon lidè rejyonal Al-Kaida yo t ap dirije diferan gwoup militan yo.
Madam Lahoud ajoute Bin Laden ta vle pou afilye li yo konsantre efò yo sitou sou Lèzetazini e li pat kontan ditou lè yon branch rejyonal al-Kayda a te lanse atak ki te touye mizilman parèy li.