Accessibility links

Diskou Konplè Prezidan Barack Obama Sou Imigrasyon


Prezidan Barack Obama

Konpatriyòt ameriken mwen yo, aswè a, mwen ta renmen pale ak nou sou imigrasyon. Pandan plis pase 200 zan, tradisyon nou genyen pou akeyi imigran ki sòti toupatou atravè lemond ba nou yon kokenn avantaj sou lòt nasyon yo. Sa kenbe peyi nou an jèn, dinamik e l kreye lespri antrepriz lakay nou. Tradisyon sa a fòme karaktè nou kòm yon pèp anyen pa ka limite--yon pèp ki pa vlope nan pase li, men ki kapab rejenere tèt li jan l chwazi.
Men jounen jodi a sistèm imigrasyon nou « pak an pak » e tout moun konnen sa.
Fanmi ki antre nan peyi nou an legalman e ki respektè règ jwèt ap gade zòt k ap vyole lwa sa yo. Pwopriyetè biznis ki peye anplwaye yo bon salè e ba yo benefis sosyal, wè konkiran ap eksplwate imigran ilegal yo ke yo peye mwens lajan lontan pase sa yo-menm y ap peye travayè pa yo.

Tout konpatriyòt ofanse lè yo wè kèlkeswa moun ap pwofite avantaj viv Ozetazini ofri san li pa pran responsabilite ki mache ak lefèt la p viv Ozetazini. E imigran san papye legal kap chèche kou tè sèk ki bezwen lapli anbrase responsablite sa yo pa wè anpil opsyon ke rete nan « lonbraj » ouswa wè fanmi yo demanbre, disloke. Se sitasyon an depi plizè dizèn lane. E pandan plizyè dizèn lane nou pa fè anyen pou chanje li. Lè mwen te rive sou pouvwa a, mwen te pran angajman pou m ranje sistèm imigrasyon an. E mwen te koumanse avèk sa mwen te kapab fè : tabli sekirite sou fwontyè a. Alèkile, nou genyen plis gad-fwontyè e nou deplwaye teknoloji pou mete sekirite sou fwontyè sid nou an plis pase nan nenpòt moman nan istwa nou. E pandan 6 dènye ane yo, kantite moun ka p travèse ilegalman fwontyè a desann nan mwatye (redui ren pou ren). Malgre nan sezon été ane sa a te genyen yon ti ogmantasyon rapid nan kantite timoun nou te kenbe sou fwontyè a ki ta p eseye janbe fwontyè a san paran, kantite timoun sa yo an reyalite pi ba pase jan li te ye sa gen apeprè 2 zan. An jeneral, kantite moun k ap eseye travèse ilegalman fwontyè nou nan nivo pi ba li depi ane 1970 yo. Chif sa yo se reyalite.

Pandanstan, mwen te travay ak Kongrè a pou nou jwenn yon solisyon definitif pou pwoblèm nan e, ane pase, 68 Demokrat, Repibliken ak endepandan te travay ansanm pou adopte yon lwa ni Demokrat no Repibliken apwouve nan Sena a. Li pa pafè. Se te yon konpwomi, men li reflete bon sans. Lwa a ta pral double kantite ajan ka p fè patwouy sou fwontyè a pandan li bay imigran san dokiman legal yo yon chimen pou yo vinn sitwayen ameriken si yo peye yon amann, koumanse peye taks epi retounen nan liy (pou tann tou yo menm jan tout moun ki respekte la lwa fè li). E yon espesyalis endepandan di sa ta pral ede ekonomi nou an, redui defisi nou yo.

Si Chanm Depite a te kite palmantè yo vote (yon senp vòt wi ou non) sou kalte lwa sa a, asanble a tap adopte li avèk apui tou 2 pati yo (Demokrat kou Repibliken) e jounen jodi a nou ta p genyen yon lwa. Men pandan 1 an edmi, lidè Repibliken nan Chanm Dè Reprezantan an te derefize kite menm yon senp vòt dewoule sou lwa a nan chanm bass la.


M ap di nou, mwen kontinye kwè « meyè mwayen pou rezoud pwoblèm sa a se nan travay ansanm pou nou adopte yon lwa konsa, yon lwa bon sans, yon lwa ki fè sans. Men annatandan sa fèt, genyen mezi mwen genyen otorite legal pou m pran antanke Prezidan--menm kalte mezi prezidan Demokrat, prezidan Repibliken anvan m yo te pran--ki pral ede fè sistèm imigrasyon nou an pi onèt e pi jis.
Aswè a, m ap anonse mezi sa yo:

Premyèman, nou pral bati sou pwogrè ki fèt deja sou fwontyè a avèk nouvo resous nou pral bay pèsonèl ki la pou fè respekte lwa nou yo, yon fason pou yo ka bloke flo moun ilegal kap janbe fwontyè a e nou pral retounen pi vit nan peyi yo sila ki rive travèse yo.

Dezyèmman : mwen pral rann li pi fasil e pi rapid pou imigran «ki gen ekspètiz nan yon domèn, ki diplome e ki nan bizniss rete e pote kontribisyon yo nan ekonomi nou an, jan anpil chèf antrepriz pwopoze l.

Twazyèmman, nou pral pran mezi pou nou regle yon fason responsab sitiasyon plizyè milyon imigran san papye legal ki deja ap viv nan peyi nou an.


Mwen ta renmen chita yon tikras plis sou twazyèm pwen sa a paske li kreye anpil pasyon ak pawòl anpil. Menm lè nou se yon peyi imigran, nou se yon peyi lalwa tou. Travayè san papye legal yo vyole lwa imigrasyon nou yo ; e mwen kwè yo dwe peye pou sa--espesyalman sila ki kapab poze yon danje pou sitwayen nou yo. Se pou sa depòtasyon kriminèl yo ogmante jiska 80 pousan pandan 6 dènye ane yo. E se pou sa nou pral kontinye santre resous pèsonèl kap fè respekte lalwa yo sou menas ki poze pou sekirite nou: Grenn senk, pa lafanmi. Kriminèl, e non timoun. Manm gang, men pa manman ka p travay di pou yo nouri epi elve pitit yo. Nou pral tabli priyorite, tankou nou fè l nan aplike lalwa chak jou nan peyi a.


Men menm lè na p santre atansyon n sou depòte kriminèl, reyalite a se plizyè milyon imigran--nan chak Eta, nan chak ras ak nasyonalite--ki toujou ap viv ilegalman nan peyi a. E kite m onèt avèk nou--al chèche, ranmase epi depòte plizyè milyon moun se pa yon bagay reyalis. Nenpòt moun ki panse otreman pap pale onètman avèk nou. E se pa konsa non plis tou nou, ameriken, fonksyonnen. Apre tou, pifò nan imigran sa yo ap viv nan peyi isit depi lontan. Yo travay di--souvan nan travay kase-ren ki pa peye byen. Yo antreteni fanmi yo. Yo ale lapriyè nan legliz nou yo. Anpil nan pitit yo se ti ameriken ki pran nesans nan peyi a oubyen ki pase pifò vi yo nan peyi isit…e espwa yo, rèv yo ak patriyotism yo pa diferan ak pa nou.
Tankou prezidan ki te vini anvanm nan, Prezidan George W. Bush te di li yon fwa : Yo fè pati lavi amerikèn nan.

Kounye a, men bagay la : nou atann aske moun kap viv nan peyi sa a respektè la lwa. Nou atann ke moun ki pat ka rete tann tou yo nan liy pa resevwa okenn rekonpans enjis sou sila ki te rete ap tann yo. Kidonk nou pral ofri yo pwopozisyon sa a : Si ou nan peyi Etazini depi plis pase 5 kan, si ou genyen timoun ki sitwayen ameriken ou ki gen rezidans legal nan peyi a ; si ou al enskri tèt ou, si ou pa genyen okenn dosye kriminèl e w aksepte peye taks tankou tout sitwayen, ou pral kapab mande otorizasyon pou w rete yon fason tanporè nan peyi a san ou pa bezwen pè pou yo pa depòte. Ou pa bezwen rete nan kache, vinn mete ou an règ avèk lalwa. Se pwopozisyon mwen an sa.

Kounye-a, ann pale klè pou n di ki sa ki pa nan pwopozisyon. Pwopozisyon sa a pa aplike pou moun ki rive dènyèman la a nan peyi a. Li pa aplike pou moun ki kapab vinn eseye antre ilegalman nan lavni Ozetazini. Li pap bay moun sitwayènte ameriken, ni li pap bay dwa rete yon fason pèmanan, ni li pa ofri menm avantaj ak benefis sitwayen ameriken yo resevwa---se sèl Kongrè a ki kapab otorize sa. Sèl sa nou di ak pwopozisyon sa a se « nou pa pral depòte ou ».

Mwen konnen sèten nan moun kap kritike mezi sa a rele li «amnisti». Eben, non ! Li pa yon amnisti ! Amnisti, se sistèm imigrasyon nou genyen kounye a--dè milyon e dè milyon moun kap viv san yo pa peye taks ni respekte règ jwèt la, pandan politisyen ap sèvi ak kesyon an pou kraponnen moun e fè moun pè pou yo kapab jwenn vòt nan epòk eleksyon. Se sa-a ki rele Amnisti--kite sistèm sa a ki pak an pak jan l ye a. Amnisti pa bann e pa pakèt pap jis. Depòtasyon pa bann e pa pakèt kapab alafwa enposib e l ka pa danse kole ak mak fabrik nou. Sa’m pale la a se yon kesyon «responsabilite--se bon sans, yon apwòch mache jwen mwen na kontre nan mitan. Si ou reyini kondisyon yo, ou mèt sòt nan kache e mete ou an règ ak lalwa. Si ou se yon kriminèl, nou pral depòte ou. Si ou genyen pwojè antre yon fason ki pa legal nan peyi a enben chans pou yo kenbe ou epi voye ou tounen ogmante pi plis.

Sa se vrè amnisti-a – se kite sistèm kraze sa-a jan li ye-a. Amnisti an mas pa ta jus. Depòtasyon an mas t-ap enposib e kontrè ak tanperaman-nou. Sa m-ap dekri la-a se pèmèt moun-yo fè konnen yo la – se bon sans, se yon apwòch kote nou menm ak yo rankontre nan mitan wout-la : Si-w reponn kondisyon-yo, ou ka soti kote ou kache anba chal-la e mete-w an règ ak lalwa. Si-w se yon kriminel, y-ap depòte-w. Si-w vle antre ozetazini ilegalman, ou gen plis chans pou yo bare-w e voye-w tounen.

Aksyon m-ap pran la-yo pa ilegal, se jan de aksyon ke chak grenn Prezidan Demokrat te pran depi yon demi-syèk. E pou manm sa-yo nan Kongrè-a ki kesyone otorite ke-m genyen pou fè system imigrasyon-nou-an mache pi byen, oubyen ki kesyone sajès-mwen pou-m aji kote Kongrè-a echwe, mwen gen yon sèl repons : Pase yon pwojè-lwa. Mwen vle travay ak 2 pati yo pou fè pase yon solisyon pi pèmanan kap chita sou yon lwa, aksyon map pran yo pa tap nesesè ankò. Pandanstan, pa kite yon dezakò sou yon sèl grenn kesyon rete kòm yon pwen pou n fè konpwomi. Se pa konsa demokrasi nou an mache, e Kongrè a sètènman pa ta dwe fèmen gouvènman nou an ankò senpman paske nou pa ka antann nou sou sa. Ameriken bouke ak enpas. Sa peyi nou an bezwen bò kote nou kounye a se yon objektif komen – yon objektif ki vize pi wo.


Pifò Ameriken apiye jan de refòm mwen anonse aswè a. Men mwen konprann dezakò ki divize nou lakay nou. Plizyè milyon pami nou, mwen konte tèt mwen ladann tou, la depi plizyè jenerasyon nan peyi sa a, ak zansèt nou yo ki te soufri anpil pou yo tounen sitwayen ameriken. Konsa nou pa renmen lide ke nenpòt moun ka pran woulib pou tounen sitwayen ameriken. Mwen konnen ke kèk pami nou pè pou imigrasyon pa chanje vrè nati sosyete nou an, oubyen pran djòb nou, oubyen lage chaj sou do fanmi klas mwayèn yo pandan yo déjà santi yap redi depi yon dizèn lane. Mwen tande moun ki gen pwoblèm sa yo. Men se pa sa mezi sa yo pwal fè. Istwa nou ak reyalite a moutre ke imigran yo se yon plis kareman pou ekonomi nou an ak sosyete nou an. E mwen kwè li enpòtan pou nou tout fè deba sa a san youn pa atake karaktè lòt.


Paske pou tout ale vini kap fèt nan Washington nan, nou dwe sonje ke deba sa a ap fèt pou yon bagay ki pi enpòtan. Deba a se sou kiyès nou ye kòm peyi, e kiyès nou vle ye pou jenerasyon kap moute yo.


Eske nou se yon nasyon ki tolere ipokrizi yon system kote travayè kap keyi frui nan jaden nou oubyen kap ranje kabann nou pa janm gen yon chans pou yo kòrèk ak lalwa? Oubyen eske nou se yon nasyon ki ba yo chans pou yo òganize lavi yo, pran responsablite yo, e bay pitit yo yon avni miyò?


Eske nou se yon nasyon ki aksepte fè mechanste sa a ki se rape yon timoun nan bra paran li? Oubyen eske nou se yon nasyon ki wè enpòtans fanmi, e ki travay pou kenbe yo ansanm?


Eske nou se yon nasyon ki enstwi meyè etidyan yo ak sa yo ki pi briyan nan inivèsite yo, selman poun voye yo tounen lakay yo pou yo kreye biznis nan peyi kap fè konpetisyon ak nou? Oubyen eske nou se yon nasyon ki ankouraje yo rete pou yo kreye djòb, biznis, ak endistri isit la menm nan peyi Etazini?


Se vrè sijè deba sa a. Nou bezwen fè plis pase politik jan nou konnen an sou kesyon imigrasyon; nou bezwen yon deba ki chita sou rezònman, ki reflechi, ki gen konpasyon, ki santre sou espwa nou, pa sou perèz nou.

Mwen konnen politik sou sijè sa a difisil. Men kite m di nou poukisa mwen vin santi li enpòtan konsa. Depi kèk lane, mwen wè detèminasyon papa imigran yo ki fè 2 djòb, san yo pran 5 kòb nan men gouvènman an, e ki an danje pou yo pèdi nenpòt lè tout sa yo fè sèlman pou yo bati yon avni miyò pou pitit yo. Mwen wè kè-kase ak kè-sote timoun ki pè pou otorite yo pa trennen manman yo ale paske yo pat gen bonjan dokiman. Mwen wè kouraj etidyan ki, ekspete sikonstans jan yo te fèt la, ki Ameriken menm jan ak Malia oubyen Sasha; etidyan ki pran kouraj yo nan men yo pou yo vini san papye, nan espwa pou yo fè yon diferans nan yon peyi ke yo renmen. Moun sa yo – vwazen nou yo, kondisip nou yo, oubyen zanmi nou yo – yo pat vini isit la pou yo pran woulib oubyen pou yo chache yon lavi fasil. Yo vin travay, e etidye, e sèvi nan lame nou, e plis pase tout lòt bagay, kontribye nan siksè Etazini.


Demen, map vwayaje nan Las Vegas e rankontre ak kèk nan etidyan sa yo, pami yo yon jèn dam ki rele Astrid Silva. Yo te mennen Astrid ozetazini lè l te gen 4 lane. Sel sa l te posede se te yon kwa, ti poupe li, ak ti wòb dekore li ki te sou li. Lè l te koumanse lekòl, li pa t pale okenn angle. Li degaje l rive nan nivo lòt timoun yo nan li jounal e nan gade televisyon PBS, e li tounen yon bon elèv. Papa l te travay nan koupe gazon pou fè devan kay moun bèl. Manman li te fè menaj lakay moun. Yo pa t kite Astrid enskri nan lekol teknoloji ki rele magnet school (an kreyòl lekòl leman) paske yo te pè pou fòmalite enskripsyon an pa rejte l kòm imigran san papye – konsa li enskri san paran yo pa konnen e li antre. Ak tout sa, li te viv sitou nan fè-nwa – jiskaske grann li, ki te vizite l chak ane soti Meksik, te mouri, e li pa t ka vwayaje al nan fineray paske li te pè pou yo pa dekouvri l e depòte l. Se nan epòk sa a li te deside plede kòz li ak kòz lòt timoun tankou l, e jounen jodi a, Astrid Silva se yon etidyan kap travay pou l pran yon 3èm diplòm nan inivèsite.


Eske nou se yon nasyon kap kouri dèyè yon imigran kap briye, ki gen espwa tankou Astrid – oubyen eske nou se yon nasyon ki jwenn mwayen di l byenvini?

Liv sakre di nou ke nou pa dwe oprime yon etranje, paske nou konnen andan kè yon etranje – te gen yon lè kote nou te etranje nou menm tou.


Konpatriyòt Ameriken m yo, nou menm se yon nasyon imigran e nap toujou yon nasyon imigran. Nou menm tou, te gen yon epòk kote nou te etranje. Kit zansèt nou yo sete etranje ki te travèse oseyan Atlantik la, oubyen oseyan Pasifik la, oubyen Rio Grande, nou isit la paske peyi sa a te akeyi nou, e te anseye nou ke sitwayènte ameriken se plis pase sa nou sanble, oubyen non fanmi nou, oubyen ki jan nou adore sa n sèvi. Sa ki fè nou Ameriken se angajman ke nou pataje pou yon ideyal – sèke nou tout kreye egal-ego, e nou tout gen chans pou fè sa nou vle ak lavi nou.


Se peyi sa a paran nou ak gran-paran nou ak plizyè jenerasyon anvan nou te bati pou nou. Se tradisyon sa a nou dwe kenbe. Se eritaj sa a nou dwe kite pou sa kap vini yo.
Mèsi. Ke Bondje beni nou, e ke Bondje beni peyi sa a nou renmen an.

Se te diskou Prezidan Barack Obama pwononse sou Imigrasyon jedi 20 novanm 2014 la nan Lamezonblanch.

XS
SM
MD
LG