Accessibility links

Breaking News

Pati Repibliken an Pran Kontwòl Sena a ak Chanm Depite a apre Eleksyon 4 Novanm nan


Depite eli Mia Love ak ansyen kandida ala prezidans pati Repibliken an Mitt Romney
Depite eli Mia Love ak ansyen kandida ala prezidans pati Repibliken an Mitt Romney

Ozetazini, Repibliken yo pran kontwòl sena a ak chanm depite a gras ak yon viktwa lavalas nan eleksyon mitan-manda ki dewoule madi 4 novanm nan . Pwofesè Frantz A Leconte, k ap reponn kesyon Jacquelin Belizaire, kwè rezon demokrat yo echwe nan vòt sa a se paske yo pa fè ase pwopagann pou reyalizasyon administrasyon Obama a.

Reyaksyon sou Rezilta Eleksyon Mi-Manda Ameriken yo pou Mèkredi 5 Novanm 2014 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:14:21 0:00
Direct link

Mia Love se premye fi repibliken nwa ameriken k ap reprezante Eta Utah nan Kongrè a. Madan Love se premye ameriken dorijin ayisyèn ki eli nan Kongrè a. Prezidan Barack Obama tounen 3èm prezidan ameriken ki te kòmanse manda l ak yon majorite nan 2 chanm yo epi pèdi yo avan fen manda l. Ansyen Prezidan Bill Clinton (D) ak George W Bush (R) se 2 lòt ansyen prezidan ameriken ki te pèdi majorite nan 2 chanm yo avan yo te kite pouvwa a.

XS
SM
MD
LG