Accessibility links

Breaking News

Gwoup Defans Dwamoun Kondane Britalite Lapolis nan Hong Kong


Lapolis ap maltrete yon manifestan nan Hong Kong
Lapolis ap maltrete yon manifestan nan Hong Kong

Gwoup defans dwa moun yo pa kontan ditou poutèt polisye nan Hong Kong bat yon manifestan aloske li te san zam e l te gen menòt nan ponyèt li --yon ensidan ki dewoule mèkredi 15 oktòb 2014 la alòske yon kamera-video tap anrejistre aksyon an. Sa rive pandan lapolis tap eseye gaye yon foul manifestan ki te bloke yon gwo wout ki tou prè prensipal biwo gouvènman an. Kamera ki anrejistre zak la e ki se pwopriyete chèn televizyon TVB, montre 6 ajan polis an inifòm ki tap trennen manifestan an atè pou mennen misye anndan yon biwo leta, epi yo pase 4 minit ap bat li.

Manifestan yo te vle bloke antre yon tinèl ki trè zenpòtan pou aktivite nan vil Honk Kong aprè lapolis te jwenn mwayen elimine divès kalite barikad yo te enstale lòt kote pandan 2 jou ki pase yo. Samuel Lam se yon manifestan ki gen 22 zan ; li fè konnen li espere mouvman bloke lari yo pral fòse gouvènman an fè konsesyon, alòske jiskaprezan li refize satisfè demand pou l fè refòm nan fason li òganize eleksyon. Misye Lam di:

“Si nou kontinye okipe diferan ri, sa kapab mete presyon sou gouvènman an, paske otorite yo pa kapab kontwole nou.”

Aksyon sere-boulon lapolis lanse mèkredi a se reyaksyon ki pi dyanm yo bay mouvman pwotestasyon an ki te kòmanse nan fen mwa septanm pase a lè otorite yo te eseye, san siksè, itilize mwayen tankou pwodui ki ka paralize e endispoze moun ak gaz lakrimojèn pou gaye manifestan yo. O kontrè, aksyon sa a te fè mouvman an jwenn plis apui bò kote piblik la.

XS
SM
MD
LG