Accessibility links

Breaking News

Tuki ak Ostrali Antre nan Kowalisyon Entènasyonal Kont Eta Islamik la.


Palman peyi Tuki a bay gouvènman an plis pouvwa pou l lanse atak militè anndan Siri ak Irak epi pèmèt lame etranje sèvi ak tèritwa tuk la pou lanse operasyon kont gwoup Eta Islamik la.
Palman peyi Tuki a bay gouvènman an plis pouvwa pou l lanse atak militè anndan Siri ak Irak epi pèmèt lame etranje sèvi ak tèritwa tuk la pou lanse operasyon kont gwoup Eta Islamik la.

Ann Ostrali, gouvènman premye minis Tony Abbott la anonse lame peyi a pral patisipe nan kowalisyon entènasyonal kap konbat Gwoup Eta Islamik la nan Irak. Misye Abbott pale konsa byen bonè vandredi 3 oktòb 2014 la nan yon konferans pou laprès li bay aprè yon reyinyon dijans kabinè ministeryèl la kote tout manm yo apwouve plan pou Ostrali voye twoup militè nan Irak. Misye Abbott di:

“ Jodi a, kabinè ministerèl la apwouve plan pou aviyasyon militè nou patisipe nan atak yo nan Irak sou demand gouvènman irakyen an. Se yon plan kap pote apui bay gouvènman irakyen an. Se konsa tou, kabinè a bay otorizasyon n pou yon fòs militè espesyal ostralyen ale nan Irak pou konseye e asiste lame irakyèn nan yon fwa dokimantasyon legal yo va fin pare pou sa fèt.”

Chèf gouvènman ostralyen an pale konsa yon jou aprè palman Tuki a, bò kote pa l, te bay otorizasyon pou lame peyi sa a patisipe nan aksyon kowalisyon entènasyonal la nan Irak ak Siri. Palman an apwouve yon lwa ki bay pèmisyon pou manm yon lame etranje sèvi ak tèritwa tuk la pou l lanse operasyon kont gwoup militan islamik la nan Siri ak Irak. Minis defans peyi Tuki a, Ismèt Yilmaz, eksplike pou kisa gouvènman an nan Kamberra pran desizyon sa a :

“Egzistans gwoup Eta Islamik la nan rejyon an sou yon distans 37 kilomèt sèlman ak fwontyè Tuki ak Siri a, kote nou jwenn tonbo Suleyman Sha a, se yon danje klè ; se yon menas klè kont sekirite nasyonal nou. Tonbo Suleyman Sha a se yon pati enseparab tèritwa nasyonal nou e Leta Tuk la genyen yon devwa suprèm pou l pwoteje tonbo sa a. La Repiblik Tuk pap ezite yon sèl enstan pou l pran tout dispozisyon ki nesesè pou l montre li respekte responsablite li.”

Nan 2 zou 3 semèn ki pase yo, presyon an monte nan peyi Tuki pou gouvènman an pase alaksyon aprè yon video te parèt pou montre militan gwoup Eta Islamik la ki tap batay ak manm lame Tuk la nan yon vilaj ki tou prè fwontyè peyi a ak Siri.

XS
SM
MD
LG