Otorite yo nan peyi Tuki fè konnen plis pase 130 mil kud siryen travèse fwontyè peyi a ak Siri pandan 7 jou ki pase yo pou yo kouri pou militan Eta Islamik la kap vale teren nan pati nò Siri.
Vis premye minis tuk la, Numan Kurtulmus, ki tap abòde dosye a byen bonè lendi 22 septanm 2014 la, deklare gouvènman an atann ni aske kantite a ogmante nan jou kap vini la yo e li prepare pou sitiyasyon ki ka pi grav la. Anvan sa Tuki te resevwa jiska 850 mil refijye siryen depi gè sivil la te kòmanse nan peyi vwazen an an mas 2011. Yon afè de 300 mil nan yo debake nan peyi a ane sa a sèlman.
Dènye vag refijye a te kòmanse antre nan Tuki nan 7 jou ki pase yo, swa depi militan Eta Islamik la te lanse yon operasyon pou yo okipe teren ki nan pati nò Siri, kote minorite kud yo ap viv.