Daprè yon otorite wo-plase nan La Mezon Blanch, Prezidan Barack Obama bay otorizasyon li pou avitasyon militè Lèzerazini kòmanse òganize vòl siveyans sou tèritwa siryen an. Daprè otorite sa a -ki fè anons la byen ta lendi 25 out 2014 la-- prezidan an pa apwouve okenn aksyon militè; sepandan Washington ap konsidere opsyon militè yo pou sizoka li ta gen pou l atake militan ekstremis Eta Islamik Irak ak Levan an ki gen katye jeneral yo nan Siri.
Tout operasyon militè nan Siri se tap konplike anpil akoz lagè sivil ki deja ap dewoule nan peyi sa a. Otorite yo nan la Mezon Blanch fè konnen Prezidan Obama pa ta renmen bay moun enpresyon lap ede rejim Bashar al-Assad la ki pale plizyè fwa pou l di se teworis ki responsab konfli kap fè raj sou tèritwa siryen an depi plis pase 3 zan deja. Josh Earnest, pòtpawòl La Mezon Blanch, konfime pozisyon ofisyèl administrasyon an sou dosye sa a. Misye Earnest di :
« Nou pa enterese nan zafè ede rejim Assad la. An fèt, gen lontan deja --e menm kèk ane deja-- depi nap lanse apèl pou n mande rejim Assad la bay demisyon n. »
Anvan pòtpawòl Mezon Blanch la te pale konsa, minis afè etranjè siryen an, Walid al-Moallem, te fè konnen gouvènman an nan Damas dakò pou l kowopere ak kominote entènasyonal la, san bliye Lèzetazini ak Lagrand Bretay; men fòk tout atak kont militan islamik yo pase pa yon kowòdinasyon avèk rejim Assad la.