Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon:Gouvènman Ayisyen an Di Eleksyon Toujou Posib nan Fen Ane 2014 la


Foto yon bwat bilten
Foto yon bwat bilten

Pierre Michel Brunache, pòtpawòl Premye Minis Laurent Lamothe, ankouraje Konsèy Elektoral Pwovizwa a, prepare l pou òganize eleksyon lejislatif pasyèl yo nan fen 2014 ou nan kòmansman ane 2015 la. Mèt Brunache lanse apèl bay gwoup 6 senatè yo pou vote amandman lwa elektoral chanm depite a vote depi plis pase 4 mwa.

Pouvwa ekzekitif la manfeste entansyonn pou l aplike atik 12 akò politik El Rancho a si sena a pa amande lwa elektoral la. Ekzektif la di li gen sipò kominote entènasyonal la, chanm depite a ak yon pati nan opozisyon an pou l aplike atik sa a.

Nan deklarasyon prezidan sena a, Dieuseul Simon Desra, fè nan jounal ayisyen Le Nouvelliste, li eksprime dezakò l ak aplikasyon atik 12 dokiman El Rancho a. Selon msye Desras sena a reklame aplikasyon konstitisyon amande 1987 la ak lwa elektoral 2013 la. Lidè chanm wot la ajoute lwa elektoral 2013 la gen ladann 90 pou 100 eleman nesesè pou òganizasyon eleksyon yo. Lidè sena a di si pouvwa ekzekitif la vle òganize eleksyon li dwe chache yon aranjman politik ak pati ki te siyen akò El Rancho a.

Premye Minis Laurent Lamothe te deklare lendi 18 out la nan vil Kapayisyen gouvènman an déjà bay enstitisyon elektoral la 14 milyon dola pou òganize eleksyon yo. Konseye elektoral, Nehemie Joseph, di Konsèy Elektoral Pwovizwa a bezwen lòt sibvansyon si eleksyon lejislatif pasyèl yo dwe dewoule nan fen ane 2014.

Nouvèl Ayiti - Mèkredi 20 out 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:18 0:00
Direct link

Enfen, otorite lajistis yo, sou demand avoka ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide yo, kanpe sou manda arestasyon jij Lamarre Bélizaire mete dèyè ansyen prezidan an ki anba akizasyon trafik dwòg, blanchiman lajan ak koripsyon pandan li t ap dirije peyi a de 2001 a 2004. Avoka yo mande pou tribinal Kasasyon pwononse l sou valadite ankèt la e si jij Bélizaire kapab kontinye enstriksyon an ki konsène, apa msye Aristide, plis pase 30 pwòch pati Fanmi Lavalas la.

XS
SM
MD
LG