Accessibility links

Breaking News

Irak Genyen yon Nouvo Premye Minis: Haider al-Abadi


Misye al-Abadi (agoch), prezidan palman irakyen an, jwenn nominasyon li kòm nouvo premye minis. Sou foto sa a li avèk Salim al-Jabouri, prezidan Konsèy Palmantè Irakyen yo. (Foto: Bagdad, 15 jiyè 2014).
Misye al-Abadi (agoch), prezidan palman irakyen an, jwenn nominasyon li kòm nouvo premye minis. Sou foto sa a li avèk Salim al-Jabouri, prezidan Konsèy Palmantè Irakyen yo. (Foto: Bagdad, 15 jiyè 2014).

Nan Irak, Prezidan Fouad Massoum mande vis prezidan palman an, Haider al-Abadi, fòme yon nouvo gouvènman nan moman peyi a ap fè fas ak atak militan islamik yo ki okipe yon bon pati nan peyi a. Anvan sa, pi gwo tribinal peyi a, kou siprèm nan, te pran yon desizyon ki te apiye Premye Minis Nouri al-Maliki nan demach li tap fè pou l rete sou pouvwa a, toujou nan pozisyon chèf gouvènman an ke li okipe depi 2006.

Anvan Prezidan Massoum te anonse desizyon pou l mande Misye Al-Abadi fòmi nouvo gouvènman an, Oganizasyon Nasyon Zini ak Lèzetazini te eksprime apui yo pou prezidan an ak chwa yon nouvo premye minis ki ta dispoze fòme yon gouvènman kote irakyen tout gwoup etnik, tout tandans politik ak tout relijyon ta gen plas yo bò tab la. Daprè sekretè Deta ameriken an, John Kerry, fòmasyon yon nouvo gouvènman sa yon bagay ki trè, trè zenpotan pou stabilite Irak e li te lanse bay Misye Maliki yon apèl prese-prese kote li te di premye minis la pinga li fè sitiyasyon an vin pi konplike.

Toujou konsènan sitiyasyon an nan Irak : Minis defans ameriken an, Chuck Hagel, fè konnen 3 jou aviyasyon militè Lèzetazini pase ap lanse atak kont militan islamik yo nan pati nò Irak, se yon operasyon ki bay bon jan rezilt. Pandan Misye Hagel tap vizite peyi Ostrali lendi 11 out 2014 la, li deklare Washington dispoze pran an konsiderasyon tout lòt demand gouvènman irakyen an ta fè pou Lèzetazini ede li. Misye Hagel di :

« Nou pral kontinye apiye fòs defans peyi Irak la nenpòt ki fason nou kapab depi yo kontinye mande asistans; e nou pral kontinye tabi partnership tankou nap fè sa jodi a ann Ostrali, paske nou rekonèt menas ki poze la a, li pa poze pou Lèzetazini sèlman, men pou tout mond sivilize a. »

Daprè misye Hagel, Ostali, Lagrand Bretay ak Lafrans ap travay ak Lèzetazini pou yo voye asistans imanitè bay plizyè milye sitwayen irakayen deplase, ki kite zòn kote yo tap viv la, akoz menas militan islamik yo te poze pou vi yo. Irakyen sa yo se kretyen, Yazidi ak moun ki pratike lòt relilyon. Minis defans ameriken an kontinye pou l di –nap site : «Sitiyasyon ki prezante la a, se yon kriz imanitè ki genyen gwo konsekans pou lemond antye, e mwen panse grand puisans yo fin pa konprann yo genyen yon responsablite vizavi rejyon konsène a.»

XS
SM
MD
LG