Accessibility links

Breaking News

Washington: Yon Somè Ekonomik Amerikano-Afriken ap Kontinye


Prezidan Barack Obama ki tap pran lapawòl nan fowòm ekonomik amerikano-afriken an nan jounen madi 5 out 2014, nan Otèl Mandarin Oriental nan Washington.
Prezidan Barack Obama ki tap pran lapawòl nan fowòm ekonomik amerikano-afriken an nan jounen madi 5 out 2014, nan Otèl Mandarin Oriental nan Washington.

Yon somè sou kowoperasyon ekonomik ant Lèzetazini ak Lafrik rive sou 3èm e dènye jou li nan vil Washington, avèk patisipasyon lidè plis pase 50 peyi afriken.

Madi, 2èm jou rankont entènasyonal sa a, Prezidan Barack Obama te mete devan patisipan yo yon mesaj kote li di Lèzetazini ak patnè li yo pran angajman pou yo depanse yon afè de 33 milya dola pou yo ankouraje envestisman sou kontinan afriken an. Lajan sa a prale sèvi pou pote amelyorasyon nan domèn enèji pwòp ak enfrastrikti epi kore enstitisyon finansye yo ak lot sektè. Prezidan Obama deklare :

“Nou jwenn an Afriik kèk nan ekonomi kap grandi pi vit nan lemond yo, yon klas mwayèn kap fè pwogrè, yon sektè komèsyal e endistriyèl kap vale teren, mete sou youn nan mache telekominikasyon kap fè plis pwogrè nan lemond yo.”

Kèk konpayi amerikèn, tankou Coca-Cola, IBM, ak General Electric, gen plan pou y al envesti ann Afrik nan kad yon patenarya ki ka benefisye 2 pati yo. Pami tout gwo priyorite kontinan an genyen, youn nan pi enpòtan yo se jwenn ase enèji pou satisfè yon demand ki pa sispann ogmante. An tou ka, se opinyon Andrew Liveris, prezidan-direktè jeneral konpayi elektrik Dow. Misye Liveris :

“Yon pwoblèm esanysèl ki poze pou peyi afriken yo, se pou yo jwenn enèji ki pa koute chè, paske ou pap kapab jwenn tout avantaj ki ka sòti nan konpetitivite ak yon men-dèv bon mache, si pwodui ou ofri yo pa abòdab, si moun pa ka achte yo.”

Pandan somè a, administrasyon Obama a anonse envestisman plizyè milya dola nan kèk nouvo pwogram pou finanse pwodiksyon elektrisite ann Afrik nan kad yon seri pwojè ki pral ajoute 10 mil megawatt pou kore pwodiksyon elektrik aktyèl la sou kontinan an e sèvi 20 milyon nouvo kliyan vè lan 2018. Endistri prive ameriken yo te pran angajman pou yo envesti 7 milya dola nan pwogram sa a depi Prezidan Barack Obama te anonse li an 2013.

XS
SM
MD
LG