Accessibility links

Breaking News

Yon Somè Ekonomik Amerikano-Afriken Kòmanse nan Washington, D.C.


Reprezantan Plizyè peyi Afriken nan ouvèti Fowòm Washington nan lendi 4 Out 2014 la
Reprezantan Plizyè peyi Afriken nan ouvèti Fowòm Washington nan lendi 4 Out 2014 la

Washington pare pou l anonse plizyè milya dola envestisman sou kontinan afriken an nan yon somè ekonomik ki kòmanse nan kapital federal Lèzetazini an. 50 chèf deta afriken ap patisipe nan some sa a ki kòmanse lendi 4 out 2014 la e kap dire 3 jou. Nan okazyon an, Lezetazini pral bay detay sou plan li genyen pou l siyen ak peyi afriken yo kèk akò komèsyal pou preske 1 milya dola, mete sou finansman pwogram mentyen lapè sou kontinan an, e li pral pran angajman pou l depanse plizyè milya dola pou pwogram kap ranfòse pwodiksyon manje ak enèji ann Afrik.

Lachin, Lewòp ak Japon deja lanse kalte pwogram sa yo sou kontinan an pou ankouraje envestisman ann Afrik. Men La Mezon Blanch demanti nouvèl ki fè konprann somè Washington nan se yon reyaksyon devan ogmantasyon envestisman Lachin ann Afrik. Jeneralman e dpi kèk tan deja, òmdafè ameriken yo ap ezite pou yo envesti lajan yo sou kontinan an, malgre to kwasans la te byen wo nan plizyè peyi afriken.

Pandan somè a, yo atann yo aske administrasyon Obama a anonse envestisman plizyè milya dola nan kèk nouvo pwogram pou finanse pwodiksyon elektrisite ann Afrik nan yon pwogram ki pral ajoute 10 mil megawatt pou kore pwodiksyon aktyèl la e sèvi 20 milyon nouvo kliyan vè lan 2018. Endistri prive ameriken yo te pran angajman pou yo envesti 7 milya dola nan pwogram sa a depi Prezidan Barack Obama te anonse li ane pase a.

Klike sou “Koute” pou detay sou seremoni ouvèti somè a avèk Marie-Luce Pierre e Serge Rodriguez.

XS
SM
MD
LG