Accessibility links

Breaking News

Yon Avyon Pasaje Malezi Airlines Tonbe nan Lès Ukrèn: Bilan 295 Mò


Travayè Ministè Sekou dijans ukrenyen sou anplasman kote avyon Malezi Airlines vòl MH 17 la tonbe. Jedi 17 jiyè, 2014.
Travayè Ministè Sekou dijans ukrenyen sou anplasman kote avyon Malezi Airlines vòl MH 17 la tonbe. Jedi 17 jiyè, 2014.

Yon responsab Ministè Enteryè Ukrèn e konseye Minis Enteryè a , Anton Gerashenko, konfime yon avyon Malezi Airlines ki te soti Amsterdam( Peyiba) e ki ta prale nan Kwala Lumpur( Melezi), tonbe e kraze nan Lès Ukrèn.

Msye Gerashenko di se yon misil sol-air ki desann aparèy ki te genyen 280 pasaje plis 15 manm ekipaj. Li presise avyon an t ap vole nan yon altitid 33 mil pye lè misil la te frape avyon vòl MH 17 la. Ensidan an rive nan zòn Doniesk kote rebèl separatis ki anfavè Larisi ap goumen avèk fòs gouvènman Ukreyen an. Toujou dapre msye Gerashenko, fize te soti nan yon batri lans milsil Buk.

Sistèm lans misil Buk se yon sistèm misil sòl-air pòte mwayen Larisi fabrike e kapab frape sib k ap vole jiska 72 mil pye altitid.

Prezidan ukrenyen an, Petro Poroshenko, deklare nan yon kominike li pibliye sou sit web prezidans la li pa ekate lide se desann yo desann avyon an men li fè remake lame ukrenyen an pa gen anyen pou wè ak ensidan an.

Isit Washington, Pòtpawòl Lamezon Blanch Josh Earnest di jounalis yo otorite ameriken yo an kontak ak tokay ukrenyen yo men li refize bay plis eksplikasyon.

Yon pòtpawòl Depatman Defans Etazini di repòtè yo Minis defans Chuck Hagel gen enfòmasyon sou chut avyon Malezi Airlines nan men li pa kapab konfime detay konsènan aksidan an

XS
SM
MD
LG