Accessibility links

Breaking News

Konseye Militè Ameriken ap Retounen nan Irak


Des partisans du président sortant ivoirien Alassane Ouattara jubilent après la publication des résultats provisoires de l'élection présidentielle, à Abidjan, Côte d'Ivoire, 28 octobre 2015. 
Des partisans du président sortant ivoirien Alassane Ouattara jubilent après la publication des résultats provisoires de l'élection présidentielle, à Abidjan, Côte d'Ivoire, 28 octobre 2015. 
Prezidan Barack Obama fè konnen administrasyon n nan pare pou l voye ekipman ak 300 konseye militè nan Irak pou ede gouvènman peyi sa a goumen ak militan islamis yo.

Lidè ameriken an di li dispoze pran sa li konsidere kom “aksyon militè byen sible” daprè sa k nesesè, e li kite pòt la ouvè pou aviyasyon militè Lèzetazini lanse atak sou pozisyon militan sinit yo. Sepandan, Misye Obama ensiste pou l di dirijan irakyen yo pi byen plase pase pèsonn pou yo rezoud konfli ki pete ant gouvènman an ak gwoup militan ki rele tèt yo “Leta Islamik Irak ak Levan an”. Prezidan Obama di:

“Sepandan, mwen vle ensiste sou le fèt ke repons ki pi pi bon an e ki pi efikas la pou koresponn ak menas gwoup militan an poze, pral mande finalman yon patenarya kote fòs lokal irakyen yo ap jwe wòl prensipal la.”

Misye Obama –ki pale konsa nan jounen jedi 19 jen 2014 la pandan li te nan La Mezon Blanch -- repete apèl li te lanse bay otorite irakyen yo pou l mande yo ranfòse kontak diplomatik yo nan moman plis pase 3 douzèn moun ki tonbe viktim zak militan islamik yo tap antere nan pati nò Irak.

Nan kad efò administrasyon Obama a ap deplwaye pou l chache solisyon pou kriz la nan Irak, Sekretè Deta John Kerry gen pou l ale nan Mwayen Oryan an e sou kontinan ewopeyen an pou l pale ak alye Lèzetazini yo.
Misye Kerry, li menm tou, bay opinion li sou kriz la:

« Pinga moun twonpe yo: gwoup militan islamik la se yon menas non sèlman pou Irak, men tou pou tout rejyon an. Lèzetazini pral koresponn ak menas sa a. Men, pou efò nou yo jwenn siksè, se pou lidè irakyen yo bliye mezantant yo, mete tèt yo ansanm pou yo anbrase yon plan ki defini avni Irak atravè yon pwosesis politik, e non pa rebelyon ni konfli. »

Yon otorite ameriken wo-plase fè Lavwadlamerik konnen lame amerikèn nan pare –an fèt li pare depi lontan deja- pou l aplike youn nan plizyè opsyon militè Lèzetazini genyen konsènan Irak, yon fwa Prezidan Barack Obama ta bay konsantman li. An palan de Prezidan Obama –e toujou konsènan sitiyasyon an nan Irak-- lidè ameriken an fè konnen tou Iran kapab jwe yon wòl efikas nan Irak, si li swiv egzanp Lèzetazini e fè presyon pou peyi sa a genyen yon gouvènman kote tout moun gen plas yo bò tab la e ki respekte tout gwoup etnik, relijye e politik ki anndan Irak. Misye Obama di:

“Opinyon nou sè ke Iran kapab jwe yon wòl konstriktif si li apiye efò kap fèt pou voye menm mesaj la bay gouvènman irakyen an, sètadi mesaj nap voye pou n di, pou Irak kontinye egziste kòm yon sèl peyi, kòm yon peyi ini, se pou gouvènman an mete tout moun ansanm, se pou l repekte enterè sinit, chiyit ak kid.”

Misye Obama lanse avètisman pou l di Iran kapab fè sitiyasyon an vin pi grav nan Irak si li antre nan konfli a ak fòs zame li pou l apiye gouvènman an kote majorite dirijan yo se irakyen chiyit.
XS
SM
MD
LG