Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon aprè Lberasyon Sèjan Ameriken Bowe Bergdahl nan Afganistan.


Prezidan ameriken an Barack Obama kanpe bò kote Bob Bergdahl (a dwat) avèk Jami Bergdahl (a gòch) pandan li tap fè yon deklarasyon sou liberasyon pitit gason yo, prizonye lagè e sèjan ameriken Bowe Bergdahl, nan Jaden Woz Mezon Blanch la. (Foto: 31 me 2014).
Prezidan ameriken an Barack Obama kanpe bò kote Bob Bergdahl (a dwat) avèk Jami Bergdahl (a gòch) pandan li tap fè yon deklarasyon sou liberasyon pitit gason yo, prizonye lagè e sèjan ameriken Bowe Bergdahl, nan Jaden Woz Mezon Blanch la. (Foto: 31 me 2014).

Sòlda lame amerikèn Bowe Bergdahl, ki jwenn liberasyon li nan weekend nan aprè li fin pase 5 kan nan men lidè Taleban yo nan Afganistan, ap resevwa tretman kounyela a nan yon lopital militè nan peyi Lalmay. Aprè sa, li gen pou reyini ak manm fanmi li Ozetazini. Kèk èd tan aprè liberasyon an, Prezidan Barack Obama te pataje yon moman lajwa ak paran sòlda a, Bob e Jani Bergdahl. Prezidan Obama di:

«Mwen konnen map pale nan non tout ameriken lè m di se avèk anpil enpasyans nap rete tan moman kote nou 2 a, papa ak manman solda a, nou va reyini ak pitit gason nou, Bowe, moman kote li va nan bra nou. »

Aprè lidè ameriken an te pale konsa, manman sòlda a, Madam Jani Bergdahl, te remèsye tout moun ki te apiye pitit li a pandan 5 kan kaptivite a. Madam Bergdahl deklare:

« Mwen vle di tou senpleman mèsi pou tout moun ki te apiye Bowe. Li te genyen yon ekip sipò ekselan tout kote. Nou pral kontinye manifeste fòs nou pandan Bowe ak rekipere. »

Papa solda a, Bod Bergdahl, te pale tou pou l repete mesaj madanm li a, sètadi remèsi tout moun ki te montre enterè yo e manifetse sipò yo pou fanmi an pandan tout tan pitit yo a te pase anba men Taleban yo.

Sepandan, nan mitan tout manifestasyon lajwa sa a, gen vwa ki leve pou kritike administrasyon Obama pou pri li peye pou l te ka jwenn liberasyon sòlda Bowe Bergdahl, swa echanj prizonye ki pèmèt 5 militan Taleban ki te fèmen sou baz naval Gwantanamo a, nan Kiba, jwenn liberasyon yo. Senatè repibliken Ted Cruz se youn nan pèsonalite ki kritike echanj sa a. Senatè Cruz di:

«Mwen panse se yon bagay ki twoublan le fèt ke nou libere 5 lidè teworis Taleban byen koni nan yon konpwomi ak teworis. Sèjan Bergdhal tap goumen pou l mete men sou teworis sa yo. Eske ou ka imajine kisa l pral di kamarad li yo ki te tonbe, ki te bay lavi yo pou mete men sou moun sa yo ki te responsab – direkteman ou endirèkteman- pou menas yo te fè sou sivil ameriken oubyen ki te touye sivil ameriken? Se pou sa menm, pou stope mesye sa yo, nou te voye sòlda nou yo nan Afganistan. »

Pandan yon vizit nan Afganistan pandan weekend nan, Minis defans ameriken an, Chuck Hagel, defann efò ki te fèt pou jwenn liberasyon Sèjan Bergdahl la e li pa ekate posiblite pou lòt tantativ menm jan fèt pou libere lòt ameriken ki anba men Taleban yo.
XS
SM
MD
LG