Accessibility links

Breaking News

2èm Jounen Eleksyon Prezidansyèl ann Ejip


Kandida a la prezidans e ansyen chèf lame a Abdel Fattah al-Sissi, debake nan yon biwo vòt nan vil Lekèr.(Foto: 26 me 2014).
Kandida a la prezidans e ansyen chèf lame a Abdel Fattah al-Sissi, debake nan yon biwo vòt nan vil Lekèr.(Foto: 26 me 2014).
Nan peyi Lejip, elektè yo ap jete bilten jodiya nan yon eleksyon prezidansyèl ki, daprè previzyon yo, pral mennen Abdel Fattha al-Sissi, ansyen chèf lame a sou pouvwa a. Se 2èm jou eleksyon an ki te kòmanse lendi 26 me 2014 la.

Premye minis ejipsyen an, Ibrahim Mahlab, dekrete jounen madi a yon jou konje pou ankouraje plis moun ale nan biwo vòt yo. Rezilta final yo pap sòti pa zavan semèn pwochèn nan ; sepandan sa gen lontan deja depi yo konsidere ansyen jeneral al-Sissi kòm gayan evantyèl eleksyon an, nan moman òm politik de goch Hamdeen Sabahi se sèl lòt kandida nan kous la.

Jeneral al-Sissi te dirije lame ki te ranvèse gouvènman prezidan eli Mohammed Morsi a nan mwa jiyè 2013 la, sa ki te pouse patizan Morsi yo, sitou manm Pati Fratènite Mizilman an, leve kanpe kont lame, epi militè yo te mete sou pye yon kanpay sereboulon vyolan ki lakoz lanmò plis pase mil moun.
XS
SM
MD
LG