Accessibility links

Breaking News

Nan Peyi Lend Narendra Modi Ap Prete Sèman kòm Nouvo Premye Minis.


Nasyonalis Endou Narendra Modi, ki pral tounen nouvo premye minis endyen an.
Nasyonalis Endou Narendra Modi, ki pral tounen nouvo premye minis endyen an.
Nan peyi Lend, pitit yon machann te, Narendra Modi, ap prete sèman lendi 26 me 2014 la nan kapital la, New Delhi, kòm nouvo Premye Minis. Premye Minis pakisanè-a, Nawaz Sharif --ki rive nan New Delhi menm jodi lendi a-- twouve l pami diyitè ak lidè mondyal kap asiste seremoni prestasyon sèman an kap dewoule nan mitan gwo mezi sekirite.

Nan tout listwa relasyon ant 2 peyi yo ki chanje ak tansyon pafwa, se premye fwa yon lidè pakistanè ap prezan nan yon seremoni konsa nan peyi Lend. Daprè kèk analis, prezans Misye Sharif nan New Delhi kapab anonse yon adousisman nan tansyon ki egziste ant 2 puisans nikleyè yo. Kòm yon jès de bòn volonte, Premye Minis Shariz te pase lod dimanch pou yo lage plis pase 150 prizonye endyen --pi fò nan yo se pechè. Byen souvan, otorite chak nan 2 peyi yo arete pechè lòt la poutèt yap peche ilegalman nan dlo tèritoryal vwazen an.

Narendra Modi te kandida Pati Bharatiya Janatra (BJP) nan yon eleksyon ki dewoule pandan tout yon mwa. Nan 30 tan se premye fwa yon pati ranpòte majorite a nan palman endyen an ; sa vle di li kapab fòme yon kabinè ministeryèl (donk, yon gouvènman) san li pa bezwen fè kowalisyon ak lidè rejyonal yo. Misye Modi, ki genyen 63 zan, te dirije Eta Gujarat kote li mete bon jan lòd nan ekonomi an. Li pwomèt pou l fè menm bagay la pou rès peyi Lend.
XS
SM
MD
LG