Ozetazini, Prezidan Barack Obama pale kare ak prezidan Afgan an, Hamid Karzai, pou di l Washington ap retire tout twoup militè li yo anvan fen ane a nan Afganistan, si gouvènman Karzai la pa siyen yon akò sou sekirite avèk Lèzetazini.
La Mezon Blanch di Misye Obama transmèt mesaj sa-a bay lidè afgan an nan yon kout-telefòn madi 25 fevriye 2014 la. Jay Carney, pòt pawòl La Mezon Blanch, konfime rezon ki fè administrasyon Obama a vle pran distans li ak Afganistan. Misye Carney deklare:
« Le fèt ke Prezidan Karzai fè moun konprann sanble li pap kapab siyen akò a, sa vle di, si li pa siyen li, li posib pou prezidan kap vini aprè l la siyen li. Men, sa pral fè nou rete tann pi ta nan ane a; e plis nou ret tann, se pi lontan nap rete san yon akò sou sekirite. Sa pral oblije nou diminye efektif militè nou laba a, an menm tan ke nap redui misyon nou pou rès ane 2014 la. »