Lidè Lèzetazini ak Ayiti, Barack Obama ak Michel J. Martelly, rankontre nan La Mezon Blanch, nan jounen jedi 6 fevriye 2014 la, pou yon somè kote yo pase an revi relasyon ki egziste ant 2 peyi yo. Anvan somè a, 2 prezidan yo te fè ak laprès yon rankont kote
Misye Obama pat kache satisfaksyon li poutèt li tap resevwa kòlèg ayisyen n nan; li fè Misye Martelly konpliman pou pwogrè peyi Dayiti reyalize sou lidèchip li, espesyalman bon jan fason sitiyasyon an evolye aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la ki te devaste non sèlman divès vil peyi a, men tou ki te fè gwo dega nan ekonomi ayisyèn nan.
Prezidan Martelly -ki te pran lapawòl devan kò jounalis yo aprè Misye Obama- te fè konnen kèk nan diferan tèm li te espere abòde nan rankont li ta pral fè ak prezidan Lèzetazini an –pwoblèm tankou, pa egzanp: sitiyasyon sekirite a ann Ayiti e nan Karayib la, lit kont trafik dwòg nan rejyon an, refòm nan sistèm jistis ak edikasyon an. Prezidan Martelly di efò kap fèt nan domèn sa yo, antwòt, reprezante yon priyorite pou administrasyon n nan, pandan lap pran dispozisyon ki nesesè pou kreye yon klima ki pote plis pwosperite nan sektè komès ak endistri a, kreye travay, amelyore kondisyon pou devlopman tourism ann Ayiti, epi bay demokrasi ayisyèn nan plis jarèt.
Vizit Prezidan Martelly a nan Washington ap pran fen nan jounen vandredi a aprè yon seri de aktivite kote li menm ak delegasyon ofisyèl Ii a pral kontinye rankontre divès otorite. Pami aktivite sa yo, genyen yon vizit nan katye-jeneral l’OEA a, kote li va rankontre ak lidè òganizasyon rejyonal la.
Klike sou « Koute » pou w tande yon repòtaj detaye sou rankont Prezidan Obama ak Prezidan Martelly a, avèk Jacquelin Bélizaire e Lyonel Desmarattes.