Accessibility links

Breaking News

Antèman Ariel Sharon Lendi 13 Janvye 2014 la nan Peyi Izrayèl.


Manm gad Knesset la ap pote sèkèy ansyen Premye Minis Ariel Sharon -ki vlope ak drapo nasyonal la-- pandan manm fanmi defen an ap swiv sèkèy la nan yon seremoni finèb ki dewoule nan palman Izrayèl la nan Jerizalèm (Foto: 13 jan. 2014).
Manm gad Knesset la ap pote sèkèy ansyen Premye Minis Ariel Sharon -ki vlope ak drapo nasyonal la-- pandan manm fanmi defen an ap swiv sèkèy la nan yon seremoni finèb ki dewoule nan palman Izrayèl la nan Jerizalèm (Foto: 13 jan. 2014).
Nan peyi Izrayèl, Prezidan Shimon Peres deklare ansyen Premye Minis Ariel Sharon pat janm pran repo nan travay li tap fè pou pèp peyi li. Misye Perez pale konsa lendi maten nan yon seremoni ofisyèl ki dewoule nan vil Jerizalèm an prezans divès otorite nasyonal ak entènasyonal, nan moman gouvènman israyelyen an ap pèp la tap rann yon dènye omaj pou Misye Sharon ki te mouri samdi 10 janvye 2014 la.

Prezidan Peres di -nap site : “ Ariel Sharon ajoute yon chapit moun pa ka bliye nan istwa pèp izrayelyen an.” fen sitasyon. Aktyèl premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, bò kote pa l, pale pou l di li pat toujou dakò avèk Ariel Saron; men li ensiste sou angajman defen lidè Eta jwif la te pran pou l defann sekirite peyi Izrayèl.

Joe Biden, vis prezidan ameriken an, se prezidan delegasyon ki te reprezante Lèzetazini nan seremoni an. Li chante lwanj Ariel Sharon pou wòl li te jwe nan kreyasyon Eta ebre a e kòm youn nan pyonye lit ki te dewoule pou pèmèt Izrayèl ak pèp jwif la defann dwa yo pou yo egziste. Vis Prezidan Biden di:

“Daprè obsèvasyon pèsonèl mwen, sete yon nonm konplike; men, pou yon moun konprann li pi byen, mwen panse li enpòtan (e listwa va deside sa), pou moun sa a konnen Ariel Sharon te viv nan yon epòk konplike e nan yon vwazinaj, nan yon rejyon konplike.”

Pami lòt diyitè etranje ki te reponn prezan nan seremoni an, genyen ansyen premye minis britanik Tony Blair ki pran lapawòl nan sèvis finèb la pou l di Ariel Sharon se yon jeyan san parèy nan istwa peyi Izrayèl. Misye Blair deklare:

“Ariel Sharon te genyen fèmte despri ki te pèmèt li elimine tout ilizyon sou menas ki tap peze sou Izrayèl yo; men li te gen imajinasyon ki te nesesè pou l konnen yon lapè veritab --si moun ka jwenn li nan lonè ak diyite pou ni Izrayelyen, ni Arab-- reprezante poto-mitan sekirite peyi Izrayèl.”

Ansyen Premye Minis Ariel Sharon te pase plis pase 7 tan nan koma apre yon seri konjesyon serebral li te sibi nan lane 2006. Li rann dènye soupi li nan dat 10 janvye 2014 la. Li te genyen 85 kan.
XS
SM
MD
LG