Accessibility links

Breaking News

Bimani-Politik : Palmantè Opozisyon an Mete Fen nan yon Boykòt Travay Pouvwa Lejislatif la


Nan peyi Bimani, lidè opozisyon demokratik la, Aung Sang Suu Kyi, pale lendi 30 avril 2012 la pou l di li menm ak kòlèg opozan ki nan palman an deside mete fen nan boykòt aktivite pouvwa lejislatif la e yo pral prete sèman ki di yo pran angajman pou yo “pwoteje konstitisyon an”.

Se mo « pwoteje» a ki te kreye pwoblèm ki te debouche sou boykòt la, paske reprezantan opozisyon an nan palman an te mande pou sèman an di pito « respekte konstititsyon an ».

Se konsa, Madam Suu Kyi ak lòt kòlèg li yo nan Lig Nasyonal pou Demokrasi a, pral asiste yon sesyon palman an pou la premyè fwa mèkredi 2 me 2012 la.

Aung Sang Suu Kyi, ki se yon loreaya Pri Nobèl Lapè, fè konnen:
"Se yon jès respè ki di nou deside suiv yon politik konpwomi ak diferan gwoup. Alòs, kite m di nou dispoze pase alaksyon osi rapidman ke posib pou n tounen manm legal palman an aprè nou fin prete sèman an."

Madam Suu Kyi kontinye pou l di manm Lig Nasyonal pou Demokrasi a sede devan dezi pèp ki te eli yo a e ki fache poutèt palmantè sa yo potko al pran plas yo nan palman an. Desizyon sa a vle di depite ak senatè Lig la pat patisipe nan yon sesyon ki dewoule lendi nan kapital administratif Bimani an, Naypuidaw, kote sekretè jeneral Òganizasyon Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, pran lapawòl devan palman an.

Misye Ban deklare:
“Mwen pa genyen okenn dout sou le fèt ke Bimani genyen ladan n yon gwo rezèv potansyèl ki kapab fè l tounen yon modèl pou lapè, pou demokrasi ak pwosperite nan 21èm syèk la. Si m prezan isit la, se pou m ankouraje nou pou nou rete sou chemen sa a. "

Anvan Misye Ban te pran lapawòl devan palman an, li te rankontre ak prezidan Birmani an, Thien Sein, pou l montre apui Nasyon Zini pou chanjman pozitif kap fèt nan yon peyi ki pase lontan nan izòlman.

Se premye vizit lidè l’ONU an nan Bimani depi gouvènman peyi sa a te kòmanse aplike yon seri de refòm politik ak ekonomik sa genyen anviwon 12 mwa. Sekretè jeneral Nasyon Zini an genyen pou l rankontre ak Madam Aung Sang Suu Kyi madi premye me 2012 la.
XS
SM
MD
LG