Lidè Nò-koreyen an, Kim Jong Un, te nan tèt evenman ki komemore 2e anivèsè lanmò papa l madi 17 desanm 2013 la, kèk jou sèlman apre egzekisyon tonton li, Jang Song Thaek, ki te travay kòm prensipal konseye li e 2èm otorite nan rejim nan .
Misye Kim te pami wo-grade lame a ak lidè politik yo nan yon sèvis memoryal “sombre” ki dewoule nan yon oditoryòm nan vil Pyongyang, kapital la, kote yo ekspoze yon gwo foto defen papa l, ansyen lidè nò-koreyen Kim Jong il.
Youn nan moun ki pran la pawòl nan okazyon an se Choe Ryong Hae ki se direktè Depatman Politik Jeneral Lame a, yon enstitisyon ki chaje ak pouvwa.
Misye Choe di : “Nan moman n ap raple lavi revolisyonè ak akonplisman inoubliyab Gran Jeneral nou an, Kim Jong il, nap ranfòse volonte ak konviksyon nou pou nou onore lide ak pouvwa militè Gran Jeneral Kim Jong Un lè nou obeyi politik revolisyonè li a ki fè lame pase avan tout bagay.”
Kèklòt pèsonalite pran angajman tou pou yo temwaye yon lwayote total-kapital pou dinasti Kim nan e yo pwomèt pou yo bay lavi yo pou yo defann peyi a –yon peyi ki, daprè sa yo deklare, fè anpil pwogrè depi “Jèn Kim” te pran pouvwa a.
Kim Père la --kidonk papa aktyèl lidè a, Kim Jong Un --- te mouri sanzatann an desanm 2011 e li te kite pouvwa a nan men pi jèn pitit gason l nan ki san eksperyans. Jèn lidè a revoke yon pakèt gwo responsab yon fason pou l konsolide otorite sou pouvwa a.