Accessibility links

Breaking News

Chanjman Istorik nan Pratik Sena Ameriken an


Ozetazini, Demokrat yo rive fè yon chanjman istorik nan pratik Sena a, kote yo wete nan men Repibliken yo kapasite pou yo bloke nominasyon prezidan Barack Obama fè nan domèn lajistis la, nan nivo kabinè ministeryèl la e nan rès administrasyon piblik la.

Akoz chanjman sa a, majorite ki nesesè pou nominayon sa yo pase se 51 vwa (donk, la majorite senp) olye de 60 vwa.

Kòm Demokrat yo genyen majorite a nan Sena a (ki genyen 100 manm), li vin pratikman enposib pou Repibliken yo bloke yon nominasyon Pouvwa Egzekitif la fè. Chanjman sa a pa aplikab pou nominasyon jij pou Kou Siprèm Lèzetazini an.
XS
SM
MD
LG