Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon Lapè ant Gouvènman Kolonbyen an ak Rebèl FARC yo Debouche sou yon Akò Preliminè


Negosyasyon ant gouvènman kolonbyen an ak rebèl yo debouche sou yon akò ki pèmèt rebèl yo patisipe nan politik peyi a akondisyon yo mete fen nan mouvman rebelyon yo a .

Akò sa a yo anonse nan La Avann nan peyi Kiba a , se youn nan rezilta yon chita pale pale ki la depi anviwon yon lane ant gouvènman an ak Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi a, FARC.

Prezidan peyi Kolonbi a, Juan Santos di: “Sepandan nou dwe konprann ke lapè, ou pa fè sa ak zanmi , men ou fè l pito ak lenmi. Pwosesis sa a konplike e yon konfli ki la depi 50 tan difisil pou l fini nan 50 semèn. Erezman genyen rezilta ki pèmèt nou rete fèm avèk espwa ke nap jwenn yon akò final"

2 pati yo konsidere akò sa a kòm yon ouvèti demokratik ki pral debouche sou yon pè dirab. Kiba ak Nòvèj patwone negosyasyon sa yo ki kouvri yon pakèt kesyon difisil nan Kolonbi pami yo kesyon pou konvenk rebèl yo pou mete zam yo atè.
XS
SM
MD
LG