Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Kerry Bay yon Konferans nan Arabie Saoudit


Sekretè deta ameriken an, John Kerry fè lwanj pou Arabie Saoudit kòm gran aktè nan mond Arab la, nan moman l ap fè yon vizit pou eseye ranje relasyon diplomatik yo ki defripe akoz mezantant sou kesyon politik Lèzetazini sou Siri avèk Iran.

Msye Kerry di pèsonèl la nan anbasad Etazini nan Riyad la anvan rankont li avèk Wa Saoudyen an, Wa Abdullah, ke 2 peyi yo gen kèk kesyon enpòtan pou yo diskite pou asire ke relasyon yo sou bon chemen an. Li repete tou pozisyon Lèzetazini pou l di Irak pa pral jwen pèmisyon pou l fabrike yon zam nikleyè.

Pandan vizit yon jou Chèf diplomasi amerikèn nan ap fè nan Arabi Saoudit la, rankontre ak minis afè etranjè saoudyen an, Prens Saud al-Faisal. 2 lidè yo bay ansanm yon konferans pou laprès kote yo te abode antwot dosye Siri a.
XS
SM
MD
LG