Accessibility links

Breaking News

Afganistan: Yon Seri Atak ki t ap Fèt nan Kapital la Fini


Nan Afganistan, otorite yo fè konnen tout batay ki t ap fèt avèk rebel yo nan kapital la fini kounye a.

Anons sa a fèt maten an kèk èd-tan aprè rezidan Kabul yo te leve nan yon dezyèm jounen kote zam t ap tire san rete epi te gen kèk gwo eksplozyon.

Otorite Afgan yo di douvanjou maten an, pèsonèl sekirite yo te troke kèk kout zam avèk militant yo ki te nan yon bilding nan zòn diplomatic la nan Kabul kote rebèl yo te kòmanse lanse atak kowòdone dimanch 15 avril la.

Atak sa yo te vize palman an, katye jeneral l’Otan yo ak yon zòn ki gen ladann anbasad Lèzetazini, la Grand’Bretay ak Almay.

Aprè eksplozyon kamikaz ki fèt nan capital la te gen plizyè atak ak zam e ak wokèt. Militan yo te atake tou 3 pwovens nan lès Afganistan nan kad sa yo rele “ Ofansiv prentan an”.

Taliban yo pran responsabilite pou atak sa yo.
XS
SM
MD
LG