Accessibility links

Breaking News

17 Oktòb 2013 : Manifestasyon Devan Konsila Dominiken an nan New York


Ayiti: Gouvènman an Repete Angajman pou l Travay pou Devlopman Peyi a
Ayiti: Gouvènman an Repete Angajman pou l Travay pou Devlopman Peyi a
The Haitian Diaspora For Civic and Human Rights(HDRHR ) yon gwoup ayisyen ki pa gen okenn sansibilite politik men ki reyini tout tandans lanse envitasyon pou yon gwo manifestasyon jou 17 Oktòb la devan konsila Repiblik Dominikèn nan nan New York pou yo bay, dapre sa yo deklare, yon repons ki gen menm dimansyon ak desizyon Tribinal konstitisyonèl dominiken an pran kont plizyè santèn milye sitwayen –pi fò nan yo pitit ak pitit-piti ayisyen ki te pran nesans sou teritwa dominiken an apre 1929. Sitiyasyon sa a pwovoke divès reyaksyon ann Ayti , nan peyi panyòl, nan milye entènasyonal yo, san bliye nan diaspora ayisyen an Ozetazini.

Klike sou ikòn anba agòch paj sa a pou koute Valerio Saint-Louis, youn nan responsab nan The Haitian Diaspora For Civic (HDRHR) and Human Rights kap reponn kesyon Jacquelin Belizaire konsènan manifestasyon ki fikse jedi 17 oktòb devan konsila dominiken an .
XS
SM
MD
LG