Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon nan Jenèv sou Pwogram Nikleyè Iranyen an


Biwo l'ONU an nan Jenèv, an Swis, madi 15 oktòb 2013 la, anvan kòmansman 2 jou negosyasyon ak tout pòt fèmen sou pwogram nikeyè Iran an
Biwo l'ONU an nan Jenèv, an Swis, madi 15 oktòb 2013 la, anvan kòmansman 2 jou negosyasyon ak tout pòt fèmen sou pwogram nikeyè Iran an
Diplomat Iranyen ak kòlèg yo ki sòti nan 6 peyi (Lezetazini, La Risi, La Chin, La Frans, la Grand Bretay ak Lalmay) kontinye negosye mèkredi 16 oktòb 2013 la pou yo chache yon solisyon pou yon mezantant ki la depi 10 zan sou pwogram nikleyè iranyen an.

Tou 2 pati yo fè konpliman pou premye jou negosyasyon yo ki te dewoule madi nan vil Jenèv, nan Peyi La Swis, kote minis afè etranjè iranyen an, Abbas Araghchi, te ensiste sou aspè teknik yon nouvo plan Iran mete sou pye avèk objektif pou l bay kominote entènasyonal la asirans ke pwogram nikleyè Teheran an, se yon pwogram pasifik. Misye Araghchi deklare :

« Nou pa vle mache nan fè nwa ak nan ensètitid ankò ; nou pa vle gen dout sou lavni non plis. Objektif, mach-a-swiv ak peryòd tan nou konsakre pou chita-tande yo, dwe klè dekwa pou n ka fè pwogrè diferan nan yon limit tan byen detèmine . »

Negosyasyon Jenèv yo se premye chita-tande konsa kap dewoule depi Misye Hassan Rouhani –ki se yon lidè relativman modere-- te eli Prezidan iranyen nan mwa jen pase a. Anpil obsèvatè konsidere rankont sa yo kòm pi bon chans ki prezante depi dè zane pou pati konsène yo elimine mezantant anbisyon nikleyè Iran yo pwovoke. Lèzetazini, La Risi, La Chin, La Frans, la Grand Bretay ak Lalmay mande Iran pwouve li pap devlope zam nikleyè, tandiske Teheran ap chache yon soulajman anba sanksyon entènasyonal kap peze sou do l yo.
XS
SM
MD
LG