Accessibility links

Breaking News

Seyans Depozisyon nan Kongrè Ameriken an sou Asistans Lèzetazini pou Ayiti


Nan Washington, yon biwo endepandan kap travay pou Kongrè ameriken an e ki la pou kontwole fason gouvènman federal la ap depanse lajan kontribyab yo, soumèt, devan komisyon afè etranjè chanm depite-a, nan jounen mèkredi 9 oktòb 2013 la, te patisipe nan yon seyans depozisyon kote li prezante yon rapò sou evalyasyon efikasite asistans Lèzetazini ap bay Ayiti atravè kanal Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal, USAID.

Kowòdonatè espesyal Depatman Deta pou Ayiti, Thomas Adams, ak administratè adjwen pa enterim USAID pou Amerik Latin ak Karayib la, Elizabeth Hogan, te prezan nan seyans depozisyon sa a.

Pi fò manm komisyon an pa kontan ak sa yo konsidere kòm gwo lantè ki genyen nan reyalizasyon pwojè USAID ap finanse ann Ayiti. Pa egzanp, sou plan asistans pou viktim tranblemanntè 12 janvye 2010 la, alòske yon pwojè te prevwa konstriksyon 15 mil lojman dirab, se sèlman 2 649 ki fin bati, plis pase 3 zan aprè soukous la.

Sou plan politik la, Depite Eleana Ros-Lethinen, youn nan manm komisyon afè etranjè Chanm Depite a, lanse yon apèl prese bay gouvènman Martelly-Lamothe la pou mande l pran dispozisyon pou eleksyon yo dewoule pi vit posib. Madam Ros-Lethinen deklare :

"Gouvène pa dekrè oubyen kraze palman an, se pa yon bagay ki akseptab. "

Sou seyans depozisyon sa a nou genyen 2 repòtaj : youn avèk Serge Rodriguez e Jacques Jean Baptiste; epi lòt la avèk Jean Pierre Leroy. Klike sou « Koute » pou w ka tande yo.
XS
SM
MD
LG