Accessibility links

Breaking News

Nouvo Akò Defans Resipwòk ant Lèzetazini ak Japon


Lèzetazini pral plase yon nouvo rada defans anti-missil nan peyi Japon e li pral fè kèk avyon telegide pran pozisyon nan rejyon Pasifik la, daprè yon nouvo akò otorite ameriken ak japonè woplase siyen.

Mouvman sa a fè pati renouvèlman dispozisyon pou defans resipwòk Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, ak Minis Defans la, Chuck Hagel, siyen nan kòmansman jounen jedi 3 oktòb 2013 la avèk tokay japonè yo nan Tokyo.

Daprè sa k di nan akò sa a, Lezetazini pral plase nan Pasifik la kèk avyon telegide rekonesans long pòte “Gobal Hawk” pou ranfòse kontwòl aktivite maritim yo nan kèk zòn kote Japon mele nan yon mezantant teritoryal avèk Lachin.
XS
SM
MD
LG