Accessibility links

Breaking News

Kenya - Teworis: Yon Atak nan yon Sant-Dacha fè Plis Pase 60 Mò


Nan peyi Kenya, gwo kout-zam pati nan matine lendi 23 septanm 2013 la nan yon sant dacha nan kapital la, Nayewobi, kote lame ak lapolis ap eseye mete fen nan yon fiziyad ki la depi 2 jou e kote atakan islamis, ki fè pati gwoup ekstremis somalyen al-Chabab, touye plis pase 60 moun.

Ensidan an te kòmanse samdi 21 septanm nan, lè atakan yo te ouvè koutzam sou yon bann moun ki te nan sant-dacha a ke etranje kap viv nan peyi a ak moun rich yo abitye frekante. Gwoup ekstemis la te pran anpil moun ann otaj.

Nan yon diskou chaje ak emosyon prezidan kenyen an, Uhouru Kenyatta, fè dimanch, li pran angajman pou gouvènman n nan rete kanpe fèm devan teworis yo, e li bay garanti fòs sekirite yo pral mete kontwòl sou moun ki responsab operasyon sa a ki simen latèrè nan peyi a.

Misye Kenyatta di : “Yo pap sòti sen e sòf aprè zak san non e animal yo poze la a. Menm jan ak atakan lach ki kwense kounye a nan sant-dacha a, nou pral pini moun ki reprezante sèvo zak sa a, nou pral fè sa san pèdi tan, e pinisyon an pral fè yo mal anpil. ”

Yon pòtpawòl gouvènman an fè konnen militè ak lapolis deja wete pi fò otaj yo anba men atakan yo, menm jan yo deja mete seklirite nan pi fò sant-dacha a. Lakwawouj peyi Kenya bay presizyon pou l di kantite moun ki mouri yo monte rive 68, tandiske genyen 175 lòt pou pipiti ki blese.
XS
SM
MD
LG