Nan yon entèvyou Prezidan Siryen an, Bashar al-Assad, bay laprès amerikèn (pi presizeman chèn televizyon Fox-TV), li di li dispoze elimine lasnal zam chimik li-a, men li demanti pawòl kap di se lame li a ki te lanse atak chimik ki te touye plizyè santèn moun nan Damas nan mwa dout pase a.
Misye Assad pwomèt pou l respekte yon akò amerikano-ris ki mande pou l detrui lasnal zam chimik li a. Sepandan, li di sitiyasyon an konplike paske, daprè li, destriksyon zam sa yo kapab koute yon milya dola e travay la kapab pran jiska yon lane e menm pi lontan toujou. Plan dezameman sa a se yon lide ki toujou nan mitan deba kap fèt pami diplomat Konsèy Sekurite l’ONU an.
Se yon plan ki mande pou gouvènmna siryen an bay tout detay sou zam chimik li yo pa pi ta ke samdi 23 septanm 2013 la. Misye Assad kontinye pou l di se yon bagay li dispoze fè depi demen, e li pare pou l kite espesyalis etranje antre-sòti nan enstalasyon kote zam yo ye a. Lidè siryen an pa mete dlo nan boych li pou l kritike rapò yon ekip enspektè l’ONU te pibliye nan kòmansman semèn sa a e ki konfime nouvèl kif è konnen yon gaz anpwazonnen ki rele “saren” te sèvi nan yon atak ki te fèt, nan dat 21 out pase a, sou popilasyon sivil la nan yon katye vil Damas ki rele Ghouta e ki anba kontwòl militan rebèl yo.
Menm si rapò a pa chache konnen ki pati nan belijeran yo ki responsab pou atak sa a, Lèzetazini ak alye oksidantal li yo ensiste pou yo di dokiman an lonje dwèt sou gouvènman siryen an --e non pa sou rebèl yo--, paske se rejim Assad la ki posede kalte zam ki te sèvi nan atak la.
Prezidan Asad di dekouvèt sa a pa reyalis, e li lage dout sou otantisite yon bann foto ak video ki ta pwouve sa ki di nan rapò a. Lidè siryen an deklare: "Genyen anpil envansyon, genyen anpil foto ak video trike, bagay moun fòje pou yo twonpe piblik la, kap sikile sou entènèt la.”
Aprè ekip enspektè yo te fin prezante rapò a, Sekretè Jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, te pale pou l di --nap site tou: “Daprè prèv anketè yo rasanble, pa gen dout sou sa: moun te itilize anpil gaz saren sou yon grand echèl pou yo lanse atak la sou katye Ghouta.”