Accessibility links

Breaking News

Rankont Chèf Diplomasi Lèzetazini ak Larisi sou Kriz la nan Siri


Sekretè Deta John Kerry ak Minis Afè Etranjè Ris la, Sergei Lavrov, aprè rankont yo sou zam chimik peyi Siri Jedi 12 septanm 2013 la.
Sekretè Deta John Kerry ak Minis Afè Etranjè Ris la, Sergei Lavrov, aprè rankont yo sou zam chimik peyi Siri Jedi 12 septanm 2013 la.
Sekretè deta ameriken an, John Kerry, rankontre nan vil Jenèv, an Swis, jedi 12 septanm nan --e li pral rankontre ankò vandredi-- avèk kòlèg ris li, Sergei Lavrov, sou sitiyasyon an nan Siri. Tèm diskisyon yo se: Kijan yo pral fè pou peyi Siri renonse a lasnal zam chimik li a? Aprè premye jounen diskisyon yo, chèf diplomasi amerikèn nan fè konnen itilizasyon fòs militè kont Siri se youn nan opsyon ki sou tab la toujou. Misye Kerry di:

“Prezidan Obama pale klè pou l di, si diplomasi echwe, itilizasyon lafòs byen kapab nesesè pou bloke e degrade kapasite prezidan siryen an, Bashar al-Assad, pou l lanse zam chimik. Sa kapab pa elimine tout lasnal li a ; men sa ka chanje lide misye si l te gen entansyon sèvi ak zam konsa. ”

Lèzetazini fè konnen se lame siryèn nan ki te lage zam chimik sou popilasyon sivil la nan kèk katye tou prè Damas, kapital peyi a, kote plis pase mil moun (gason, fanm ak plis pase 400 timoun) te pèdi lavi yo. Semèn sa a, Siri anonse li aksepte yon plan ris ki mande pou l remèt Oganizasyon Nasyon Zini tout zam chimik li posede yo, pou yo kapab detui yo kom kondisyon pou Lèzetazini elimine menas militè li a.

Nan fen chita-tande ki dewoule Jedi nan Jenèv, minis afè etranjè ris la, Sergei Navrov -ki tap bay yon konferans pou laprès ak misye Kerry- di jounalis yo 2 mo sou kote negosyasyon yo rive pou le moman. Misye Lavrov deklare:

« Nou baze tèm rankont la sou le fèt ke solisyon pwoblèm nan pral fè itilizasyon lafòs kont Repiblic Arab Siryèn nan pap nesesè, e mwen si e sèten kòlèg ameriken nou yo –jan Prezidan Obama te di sa -- gen konviksyon nou dwe swiv yon wout pasifik pou n jwenn yon solisyon pou konfli siryen an. »

Prezidan siryen an, Bashar al-Assad, ki tap pale sou yon chèn televizyon ris, fè konnen li dispoze remèt lasnal zam chimik li a lè Washington va sispann fè menas pou l pran aksyon militè kont peyi li. Bò kote pa l, anbasadè siryen an nan l’ONU pale pou l di peyi li deja tounen, jounen jodi a, yon manm total-kapital Trete Entènasyonal sou Abolisyon Zam Chimik la. Sepandan, otorite yo nan l’ONU fè konnen yo resevwa dokiman kote Siri bay detay sou entansyon li genyen pou l siyen trete a; men, daprè yo, sa se tou senpleman yon premye pa nan pwosesis la.
XS
SM
MD
LG