Yon gwoup rechèch, ki baze isit Washington, DC, fè konnen li sanble kòmkwa Kore Dinò deja relanse reyaktè plitonyòm li an, yon fason pou l mentni angajman li te pran pou l ogmante pwogram nikleyè li a.
Enstiti ameriken-koreyen nan Univèsite John Hopkins nan tire konklizyon sa a sou kèk nouvo foto satelit ki montre lafimen tou blan k ap sòti nan yon bilding ki toupre reyaktè santral nukleyè Yongbyon nan.
Yo te fèmen reyaktè sa a an 2007 nan kad yon pwogram boukantay “asistans finansyè pou dezameman”.
Sepandan, nan nwa mwa avril pase a, Kore Dinò te lanse avètisman pou di : li pral relanse pwogram atomik li a nan Yongbyon nan, yon fason pou l amelyore kapasite nikleyè li tan sou plan kantite ke sou plan kalite.