Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Pare yon Aksyon Militè Kont Siri


Administrasyon Obama a ap santre atansyon n sou kesyon pou konnen ki repons li dwe bay sitiyasyon an nan peyi Siri kote prèv sanble montre gouvènman an ta sèvi ak zam chimik nan batay avèk militan opozisyon an.

Fòs naval Lèzetazini déjà al pran pozisyon pi prè Siri, pandan administrasyon an ap evalye opsyon li genyen devan n, nan moman l’ONU ap deplwaye efò pou l konnen kisa k te lakoz lanmò plizyè santèn moun semèn pase a nan vil Damas, kapital Siri.

Minis defans ameriken an, Chuck Hagel, fè konnen lame amerikèn pare pou l pase alaksyon si Prezidan Barack Obama pase lòd pou li reyaji sou evennman k
ap dewoule nan Siri yo.

Misye Hagel deklare : "Prezidan Obama mande Depatman Defans la pou l prepare tout opsyon posib pou tout evantalite. Nou dejà fè sa e nou pare pou nou aplike nenpòt ki opsyon si prezidan an deside anplwaye youn nan opsyon sa yo."

Samdi 24 out pase a, Prezidan Obama te rankontre avèk ekip sekirite nasyonal li a e li te abòde dosye siryen an nan yon konvèsasyon telefonik avèk Premye Minis britanik la, David Cameron. Daprè yon deklarasyon ki sòti nan vil Lond, 2 lidè yo mete yo dakò pou yo di « si lame siryèn nan itilize nan gè sivil la zam chimik ki touye anpil moun, kominote entènasyonal la dwe bay yon repons dyanm e solid. »

Pou kounye a, lidè peyi oksidantal yo ap rete tann pou yo konnen si vrèman gouvènman siryen an te utilize zam chimik. Gwoup charite entènasyonal, Medsen san Fwontyè, di li gen konviksyon li dekouvri, nan zòn kote yon bann moun mouri semèn pase a, kèk fòm yon pwodui chimik ki rele « neurotoxin » .

Meguerditch Terzian, potpawol gwoup la, di :
« Si nou anrejistre arive yon gwo kantite malad nan yon peryòd de tan ki kout --moun ki sòti menm kote a e avèk sentòm ki montre yo viktim gaz neurotoksin nan-- gwo kantite viktim yo se yon siyn ki montre moun te itilize resaman yon ajan neurotoksin danjre nan vil Damas."

Divès obsèvatè ak gouvènman leve lavwa pou yo kondane itilizasyon zam chimik; pami yo, genyen gouvènman yon alye rejim prezidan Bashar al-Assad la, an palan de gouvènman peyi Iran an.
XS
SM
MD
LG