Accessibility links

Breaking News

Ejip-Politik : Liberasyon Ansyen Prezidan Hosni Moubarak


Ann Ejip, ansyen prezidan Hosni Mubarak jwenn liberasyon li; li kite prizon kote li te ye pandan plis ke 1 nan edmi pou l ale nan yon lopital militè; men li pral rete an residans siveye annatandan li reparèt devan lajistis pou l reponn kesyon deske li te mele nan zak asasina ak koripsyon. Kèk manm popilasyon sivil la, ki se patizan ansyen prezidan an, bat bravo pou liberasyon l nan.

Youn nan yo se Ahmed Saed ki deklare: "Natirèlman, liberasyon ansyen prezidan Hosni Mubarak se yon rezon pou mwen-menm ak tout ejipsyen selebre, paske kounye la a, finalman, nou wè vrèman tout enpòtans li genyen pou peyi a."

Nan jounen jedi 22 out 2013 la –jou liberasyon Misye Moubarak la- kèk opozan ansyen lidè a te defye yon konvrefe pou yo pwoteste kont liberasyon sa a. Genyen nan yo ki vide yon likid wouj nan lari pou yo montre tout san gouvènman Moubarak la te fè koule nan peyi a; genyen lot ki kouche atè, nan mitan lari, pou yo fè kòmsi yo mouri, yon fason pou y o fè sonje tout moun ki te pèdi lavi yo pou rezon politik sou ansyen rejim nan.

Youn nan opozan sa yo se Ibrahim Tamin ki pale ak Lavwadlamerik pou l di : "Jodi a nou rasanble isit la pou n sonje tout martir yo, tout sitwayen ki te tonbe anba tirani Moubarak la; tout moun ki te viktim pandan rejim kraze zo li a. Nou vle fè pèp la sonje, si Pati Frè Mizilman an echwe, sa pa vle di rejim Moubarak la te yon bon rejim."

Misye Moubarak genyen pou l retounen nan tribinal pou l reponn akizasyon deske li te mele nan konplo ki te fèt pou touye plizyè milye ejipsyen lè pèp la te pran lari, nan kòmansman ane 2011 la, pou yon mouvman leve-kanpe ki te fin pa ranvèse gouvènman n nan.
XS
SM
MD
LG