Accessibility links

Breaking News

Zimbabwe/Eleksyon: Kandida Morgan Tsvangirai Denonse “Koken” nan Vòt la.


Premye Minis Morgan Tsvangirai pandan yon konferans pou laprès nan Harare (3 out 2013).
Premye Minis Morgan Tsvangirai pandan yon konferans pou laprès nan Harare (3 out 2013).
Nan Zimbabwe, Premye Minis Morgan Tsvangirayi ap pare pou l mete yon pwotestasyon ofisyèl devan otorite lajistis yo aprè komisyon elektoral la fin anonse se rival li a, Prezidan Robert Mugabe, ki ranpòte eleksyon prezidansyèl ki te dewoule mèkredi 31 jiyè 2013 la. Prezidant komisyon an, Madam Rita Makarau, anonse viktwa Misye Mugabe a aprè otorite elektoral yo te vin konte vwa yo. Madam Makarau di:

“Mugabe, Robert Gabriel, kandida pati Zanu-PF la, resevwa plis pase mwatye kantite total bilten votan yo te jete nan eleksyon prezidansyèl la. Kidonk, nap deklare Mugabe, Robert Gabriel, kandida pati Zanu-PF la, prezidan eli Repiblik Zimbabwe.”

Daprè rezilta yo toujou, Pati Misye Mugabe a ranpòte yon majorite ki depase 2 tyè syèj yo nan palman an. Premye Minis Morgan Tsvangirai leve lavwa pou l di eleksyon an te chaje ak koken e mank-e-melanj. Sepandan, li lanse apèl pou l mane pèp la kade kalm li; paske li pa ta vle wè peyi a konnen kalte zak vyolans ki te dewoule aprè eleksyon 2008 la kote anpil san te koule nan Zimbabwe. Misye Tsvangirai deklare:

« Pèp nou an se yon pèp disipline. Ou pa rezoud pwoblèm yon pèp avèk vyolans. An reyalite, se kreye pou n kreye; se konstwi pou nou konstwi. Si jiskaprezan tout bagay kal, se paske pèp nou an gen disiplin. Si sete yon lòt peyi, moun tap deja mete dife nan biwo komisyon elektoral la. Pèp la pa fè sa, paske li konnen, a la fen dè fen, nou pa kapab sèvi ak vyolans pou n rezoud kriz la. »

Misye Tsvangirai kontinye pou l di pati li a, Pati Pou Chanjman Demokratik la, genyen bon jan prèv ki montre eleksyon an te gen koken ladan n. Bò kote pa l, kominote entènasyonal la, li-menm tou, fè konnen li genyen dout sou kredibilite eleksyon an. Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, di Lèzetazini pa kwè rezilta komisyon elektoral la anonse a se ekspresyon kredib volonte pèp zimbabweyen an.
XS
SM
MD
LG