Accessibility links

Breaking News

Ejip/Politik: Nouvo Prezidan an Lanse Apèl pou l Mande Kalm ak Rekonsilyasyon


 Nouvo prezidan pwovizwa ejipsyen an, Adly Mansour, mande pèp la gade kalm li e pa fè vyolans, apre yon lòt seri konfwontasyon ki koze lanmò 4 moun omwen nan kapital la, Lekèr.
Nouvo prezidan pwovizwa ejipsyen an, Adly Mansour, mande pèp la gade kalm li e pa fè vyolans, apre yon lòt seri konfwontasyon ki koze lanmò 4 moun omwen nan kapital la, Lekèr.
Nouvèl ki sòti nan vil Lekèr, kapital peyi Lejip, prezidan pwovizwa a, Adly Mansour, mande pèp la gade kalm li e pa fè vyolans, apre yon lòt seri konfwontasyon ki koze lanmò 4 moun nan vil la.

Misye Mansour, ki te pran lapawòl sou antèn televizyon Leta a lendi 22 jiyè 2013 la, fè ejipsyen yo konnen rekonsilyasyon nasyonal se yon bagay ki nesesè pou peyi a kapab ale de lavan. Nouvo prezidan ejipsyen an deklare:

“Nou vle ouvrè yon paj tou nèf ki pa genyen ladan n ni paspouki, ni rayisab, ni divizyon. Nou fèt pou n ankouraje nenpòt moun ki vle fè yon bagay pou peyi a, e non pa eseye detrui moun sa a. Li lè, li tan pou n tabli yon peyi ki baze sou rekonsilyasyon avèk le pase pou byen nasyon nou an.”

Misye Mansour pale konsa aprè kèk lese-frape tou nèf te dewoule nan vil Lekèr ant patizan ak advèsè prezidan ranvèse a, Mahamed Morsi.

Daprè responsab sekirite yo, konfwontasyon lendi yo te kòmanse lè yon seri advèsè misye Morsi te pran voye wòch sou yon gwoup patizan prezidan dechouke a ki tap pase bò Plas Tahrir la, kote yo tap defile nan yon mouvman pwotestasyon. Nouvèl yo di plizyè douzèn moun blese. Daprè yon manifestan anti-Morsi, sitiyasyon an pat pran tan pou l dejenere.
XS
SM
MD
LG