Accessibility links

Breaking News

Trajedi nan peyi Lend - 20 Elèv Omwen Mouri Viktim Manje Anpwazonnen


Nan Lend, 20 timoun pou pi piti mouri aprè yo te manje dejene ki te prepare nan kuizin lekòl yo tap frekante a, daprè otorite nan pati lès peyi a.

Otorite nan Eta Bihar fè konnen 27 lòt timoun omwen ale lopital, aprè yo te manje manje ki te genyen lada n diri ak pwa, nan jounen madi 16 jiyè 2013 la, nan yon lekòl primè ki nan vil Masrakh, sou yon distans 90 kilomèt o nò Patna, kapital Eta a. 10 nan elèv ki lopital yo twouve yo nan yon eta grav.

Yon gwoup manifestan, ki te move kou kong, òganize yon mouvman pwotestasyon aprè nouvèl te tonbe pou anonse lanmò elèv yo. Minis edikasyon eta Bihar la pale pou l di yon ankèt preliminè montre manje a te genyen ladan n tras yon eleman ki te chaje ak fosfò.

Moun pa genyen plis detay sou sitiyasyon an. Nan anpil eta nan peyi Lend, otorite yo mete sou pye yon pwogram manje gratis pou plizyè milyon timoun pòv. Malnitrisyon se yon gwo pwoblèm pou timoun endyen yo.
XS
SM
MD
LG