Accessibility links

Breaking News

Vizit Sekretè Deta Ameriken John Kerry nan Jòdani


Sekretè deta ameriken an, John Kerry, nan Jòdani kote li al fè chita-pale ak responsab Lig Arab la sou tansyon kap vale teren an’Ejip e sou kondisyon lavi moun k ap deteryore nan peyi Siri. Msye Kerry debake madi 16 jiyè a nan vil Aman, kapital wayòm hachemit la---premye rankont li, se yon rankont li pral fè ak tokay Jòdanyen li Nasser Judeh.

Responsab ameriken yo fè konnen chita-pale yo pral santre sou Ejip pou pifò ; yon peyi kap fè fas ak plizyè afwontman ki fè san koule depi militè ejypsyen te rale prezidan Mohamed Morsi sou pouvwa a palafòs nan komansman mwa sa a.

Sekretè deta adjwen ameriken an, William Burns, te ale an’Ejip tou kote li pale ak lidè pwovizwa peyi a. Sekretè deta John Kerry gen pou l dine nan fen jounen madi a nan kapital Jòdanyèn nan, Aman, ak prezidan otorite palestinyènn nan, Mahmoud Abbas.

Prensipal priyorite chèf diplomasi Etazini an se remete sou ray negosyasyon Izrayelo-Palestinyèn yo ki kanpe depi yon bon bout tan.
XS
SM
MD
LG