Kore di Sid fè konnen Kore di Nò dakò ak pwopozisyon gouvènmm an nan Seoul fè pou yo òganize yon chita-pale a ba nivo konsènan re-ouvèti yon konplèks endistriyèl 2 peyi yo opere ansanm nan pati santral preskil Kore a, an palan de Konplèks endistriyèl Kaeson nan.
Ministè re-inifikasyon an nan Kore di Sid fè konnen negosyasyon sa yo pral dewoule demen a nan bilding administratif Tong Gilgak ki nan pati nò vilaj Panmunjom.
Konplèks endistriyèl Kaeson nan te fèmen depi mwa Avril pase kom konsekans yon gwo tansyon ki te egziste ant 2 Kore yo.
Nan yon jès politik laprès te rapòte sa pa gen lontan, Seoul fè konnen Pyongyang dakò pou l kite òm-dafè Nore di Sid yo al enspekte ekipman yo genyen nan konplèks la.
Pak endistriyel Kaeson nan se yon sous revni enpòtan pou Kore di Nò e se youn nan dènye egzanp kowoperasyon ki rete ant 2 Kore yo.