Accessibility links

Breaking News

Opinyon Prezidan Barack Obama sou Dosye Espyonaj Snowden nan


Yon foto Edward Snowden moun ka wè sou yon sit entènèt chinwa nan Peken (Foto: 13 jen 2013).
Yon foto Edward Snowden moun ka wè sou yon sit entènèt chinwa nan Peken (Foto: 13 jen 2013).
Prezidan Barack Obama di Lèzetazini pral suiv kanal legal yo pou l jwenn ekstradisyon ak arestasyon Edward Snowden, yon sitwayen ameriken ki anba akizasyon deske li fè piblik la konnen enfòmasyon sekrè gouvènman an.

Misye Obama pale de afè a lendi 24 jen 2013 la nan La Mezon Blanch. Moun panse akize Snowden twouve l nan peyi Larisi aprè li te kouri kite zile Hong Kong dimanch 23 jen an. Prezidan Obama di:

«Nap swiv tout kanal legal apwopriye yo e nap travay ak diferan lòt peyi pou n gen garanti ke nou respekte vwa legal yo. A pa de sa, pou tout lòt detay, mwen refere nou a Depatman Lajistis ki enplike aktivman nan zafè sa a.»

Pòtpawòl Mezon Blanch la, Jay Carney, bò kote pa l, akize gouvènman Lachin nan deske I fè ekspre li kite Edward Snowden pati kite Honk Kong pou l ale Larisi. Misye Carney fè konnen –nap site:

« Nou pa vle kwè sa k rive a se tou senpleman rezilta yon desizyon teknik bò kote yon otorite imigrasyon Hong Kong. Se yon chwa delibere gouvènman an fè pou l libere yon moun kap kouri pou lajistis, malgre nou te lanse yon manda darè valab deyè misye. San di pètèt, se yon desizyon kap genyen move konsekans seryezman sou relasyon ant Lèzetazini ak Lachin. »

Sou menm dosye sa a, Sekretè Deta John Kerry lanse avètisman pou l di pral genyen move konsekans pou nenpòt ki peyi ki ede ansyen analis sèvis sekrè Lèzetazini an, Edward Snowden, evite lajistis poutèt li mete deyò teknik sekrè gouvènman ameriken an itilize pou l swiv konvèsasyon telefonik sitwayen li yo ak aktivite yap mennen sou entènèt la.

Misye Kerry lanse yon pinga bay tout peyi ki ta gen entansyon ede akize a chape anba men lajistis amerikèn, paske se yon nonm ki mete an danje pwogram anti-teworis Lèzetazini an. Sekretè Deta Kerry di:

“Misye mete moun an danje. Li menm posib pou moun pèdi lavi yo o Zetazini; paske kounye a teworis yo byen konnen ki sa pou yo fè, kisa pou yo pa fè, puiske yo genyen yon konesans yo pat genyen anvan misye te poze zak li poze a.”

Moun ki apiye Edward Snowden yo fè konnen misye poze yon aksyon pou l defann dwa sitwayen yo genyen pou yo mennen vi prive yo san gouvènman an pa mele ladan n; daprè moun sa yo, misye fè yon bèl jès lè l ekzpoze move konduit gouvènman an montre lè lap ranmase enfòmasyon an sekrè sou apèl telefonik sitwayen yo epi lap swiv aktivite yap mennen sou entènèt la.

Akize Snowden te sipoze kite vil Moskou lendi 24 jen 2013 la pou yon peyi moun pa konnen e ki ta dispoze ba li azil politik. Nan fen jounen an nan kapital Larisi a, misye te abò yon avyon ki te gen pou ale nan vil La Avàn, peyi Kiba, avèk Ekwatè kòm destinasyon final. Sepandan, avyon an dekole san moun pa wè oken siyn ki ta fè konprann li te abò a vrèman.

Pandansetan, minis afè etranjè ekwatoryen an, Richard Patino, bay yon konferans pou laprès nan peyi Vyetnam kote li deklare li pa kapab di anyen sou kesyon pou konnen ki kote Snowden ye; sepandan li rekonèt le fèt ke gouvènman ekwatoryen an rete an kontak avèk Moskou sou dosye a.
XS
SM
MD
LG