Accessibility links

Breaking News

Espay: Lit Anti-Teworis -- Arestasyon 8 Moun


Fòs sekirite espayòl arete 8 moun yo sispèk ki ta gen koneksyon ak rezo teworis al-Qaida nan yon operasyon desant-de-lye yo lanse vandredi 21 jen an.

Ministè enteryè espayòl la fè parèt yon deklarasyon kote li fè konnen lapolis lanse operasyon an nan Ceuta, yon komiote espayòl ki anklave nan pati nòdwès kontinan afriken an .

Dapre deklarasyon an, rezo sa a ap opere tou nan vil mawokèn Fnideq, ki tou pre avèk Ceuta. Ministè a presize moun la polis arete yo sanble t ap voye konbatan bay gwoup kap patisipe nan lagè a nan peyi Siri e ki gen bon jan rapò avèk al-Qaida.

Otorite espayòl yo ajoute kèk nan moun gwoup la rekrite lanse atak kamikaz tandiske gen lòt kap resevwa antrenamn nan kan teworis. Otorite yo poko revele idantite sispèk yo arete yo.
XS
SM
MD
LG